Ayiti
9 janvye 1961 : Ekspilsyon Evèk Rémy Augustin an Ayiti
9 janvye 1961, Evèk Rémy Augustin ekspilse an Ayiti. Se aprè yo te fin mete Evèk François Poirier deyò, li menm tou yo te depòte li.
Yo te mete deyò tou Pè « Jean-Baptiste Bettembourg », direktè « Petit Séminaire Collège Saint Martial » la, ak lòt prèt ki te ansanm avèk li.
Ayiti
9 janvye 1954 : Arestasyon Daniel Fignolé
9 janvye 1954, Arestasyon Daniel Fignolé, lidè Mouvman Ouvriye ak Peyizan (MOP), depite epi editè jounal Ayiti demokratik la.
Gouvènman Paul Eugène Magloire, te akize li konplo kont sekirite leta. Yo te fè arête tou plizyè lòt manm palman an, tankou Senatè Rossini Pierre-Louis ak Marcel Hérard, epi yo mete nan prizon. Yo pa t lage Fignolé jiskaske 14 avril menm ane a.
Etazini
9 janvye 1788 : Connecticut vin 5e Eta nan Etazini
9 janvye 1788, “Connecticut” ratifye konstitisyon amerikèn nan epi tou vini senkyèm eta Amerik inyon an.
Se te aprè lagè Revolisyonè Ameriken an, kote Connecticut te fè pati 13 Koloni, li te fè eksperyans yon endistriyalizasyon rapid epi li te tounen yon gwo sant ekonomik nan peyi a.
Etazini
9 janvye 2007 : prezantasyon premye “iPhone” nan vil San Francisco
9 janvye 2007, Steve Jobs prezante premye “iPhone” nan vil San Francisco pandan “Macworld Expo”.
Premyè jenerasyon « Iphone » sa te revolisyone endistri teknoloji a epi etabli yon nouvo estanda pou lansman pwodwi. Prezantasyon li a se yon modèl maketing, ak inovasyon.
Bosnie-Herzegovine
9 janvye 1992: pwoklamasyon endepandans Repiblik Bosnie-Herzegovine
9 janvye 1992, Repiblik Bosnie-Herzegovine pwoklame endepandans li epi Kominote Ekonomik Ewopeyen an (CEE) ak Etazini te rekonèt li nan mwa avril.
Men gwo batay te dechire peyi a. Sèb ki te okipe yon gwo pati nan teritwa a Kapital la, « Sarajevo », te ansèkle.
Lafrans
9 janvye 1719 : Lafrans deklare Espay lagè
9 janvye 1719, Lafrans deklare lagè ak Espay. Konfli a te sòti nan rivalite pèsonèl ant Wa « Filip V » nan Espay, pitit pitit « Louis XIV », ak Rejan Lafrans lan, « Filip d’Orléans ».
Pretèks pou lagè a se te reklamasyon wa panyòl la sou twòn fransè a ak yon konplo pou asasinen Rejan an.


























