Accueil yon dat,yon jou,yon evènman Yon jou, yon dat, yon evènman

Yon jou, yon dat, yon evènman

 

Ayiti

13 janvye 1917 : lanmò ansyen prezidan Davilmar Théodore

13 janvye 1917, ansyen Prezidan Davilmar Théodore mouri nan Pòtoprens. Se te 26ème chèf deta Ayisyen.

Davilmar Théofore te fè Asanble Nasyonal la eli li nan dat 7 novanm 1914 aprè li te fin fòse predesesè li a, Emmanuel Oreste Zamor, demisyone.

Haiti Reference

Lafrans

13 janvye 1993 : siyati konvansyon sou pwodiksyon zam chimik

13 Janvye 1993, dirijan plizyè peyi siyen ansanm Konvansyon sou Zam Chimik yo ki vini ofisyèlman Konvansyon sou Entèdiksyon Devlopman, Pwodiksyon, Akimilasyon ak Itilizasyon Zam Chimik yo.

Trete entènasyonal sou dezameman te siyen nan vil Pari peyi Lafrans epi li te antre an vigè nan dat 29 avril 1997.

Wikipedia

Etazini

13 janvye 1930 : premyè aparisyon “Mickey Mouse”

13 janvye 1930, premyè aparisyon nan vil New York, Etazini, “Mickey Mouse” yon bann desen komik nan jounal.

Se yon bann desen kat panno kinan kòmansman swiv istwa “Plane Crazy” men ki byen vit transfòme nan yon lòt istwa ki enkòpore istwa “Jungle Rhythm”.

Retro News

Angletè

13 janvye 1877 : fondasyon Wolverhampton Wanderers Football Club

13 janvye 1877, “Wolverhampton Wanderers Football Club”, yo rele “Wolves”, fonde an Angletè.

Se yon klib foutbòl pwofesyonèl anglè ki baze nan “Wolverhampton” nan pati Wès “Midlands”, epi li jwe nan « Molineux Stadium” depi 1889.

Se “John Baynton” ak “John Brodie”, kit e fonde klèb foutbòl sa, aprè Harry Barcroft, te prezante yon balon foutbòl bay yon gwoup elèv nan lekòl St Luke’s Church nan Blakenhall.

Retro News

Itali

13 janvye 2012 : 32 moun mouri nan trajedi bato kwazyè Costa Concordia

13 janvye 2012, bato kwazyè Costa Concordia echwe sou yon resif toupre zile Giglio (Toscane).

Kapitèn Francesco Schettino te vle òganize yon « parad » tankou sa yo wè nan fim Federico Fellini a, Amarcord 1973.

Bato kwazyè sa a te genyen 4200 pasaje ak ekipaj, 32 moun te mouri nan trajedi sa.

herodote.net