Ayiti
12 janvye 2010 : yon vyolan tranblemanntè frape Ayiti
12 Janvye 2010, yon vyolan tranblemanntè ki mezire 7.3 sou echèl « Richter » frape Ayiti lakòz domaj enkalkilab, sitou nan Pòtoprens, Petyonvil, Léogâne ak Jakmèl.
Nan kèk segond, katastwòf la te pran lavi plis pase 280, mil moun, li te blese 300,000 lòt epi li te kite apeprè 1.43 milyon moun san kay.
Lagrès
12 janvye 1822 : pwoklamasyon endepandans Lagrès
12 janvye 1822, Lagrès pwoklame endepandans li. Aprè apèl Achevèk « Patras » la pou rebelyon an mas 1821, Grèk yo te reyini nan yon kongrè nan « Epidaurus » nan « Peloponnese ».
Aprè 2 semèn deliberasyon, nan dat 12 janvye 1822, yo te pwoklame endepandans yo epi yo te mande èd nan men nasyon kretyen yo.
Sa te make kòmansman yon long lagè endepandans kont « Turcs » yo. Li t ap dire jiska 1829.
herodote.net
Lafrans
12 janvye 1922 : demisyon Premye minis Aristide Briand
12 janvye 1922, Premye Minis Aristide Briand demisyone nan pòs li. Li te pran desizyon sa aprè ostilite li te remake kont li nan mitan minis li yo ak Prezidan Millerand akòz politik rekonsilyasyon li te aplike anvè Almay.
Li te demisyone san tann pou yo ranvèse l ak yon vòt defisans nan Chanm Depite yo. Ansyen Prezidan « Raymond Poincaré » te ranplase li.
Afrik Santral
12 janvye 1904 : pwotestasyon kont kolon Alman
12 janvye 1904, « Hereros » leve kanpe kont kolon Alman yo ki te okipe teritwa yo nan Sidwès Afrik ki pote non Namibi kounye a.
Alman yo te reyaji avèk yon britalite ekstrèm epi yo te detwi prèske tout pèp « Hereros » yo.
Trajedi sa reflete laterè ki te gate ekspansyon kolonyal Ewopeyen an nan fen 19ème syèk la.
Lafrans
12 janvye 1926 : dekouvèt sewòm kont tetanòs
12 janvye 1926, Enstiti Pasteur a anonse dekouvèt yon sewòm kont tetanòs. Fondasyon prive fransèz sa ki pat travay pou lajan te konsakre travay li nan etid byoloji, mikwo-òganis, maladi ak vaksen.
Li te fonde an 1888 gras avèk yon abònman piblik entènasyonal, li pote non Louis Pasteur, fondatè li ak premye direktè li, ki te devlope premye vaksen kont raj la an 1885.


























