Accueil yon dat,yon jou,yon evènman Yon jou, yon dat, yon evènman

Yon jou, yon dat, yon evènman

 

Ayiti

8 janvye 1915 : soulèvman jeneral kont Prezidan Vilbrun Guillaume

8 janvye 1915, yon gwo soulèvman popilè eklate aprè masak prizonye politik yo, chèf lapolis Pòtoprens epòk sa, Charles Oscar, te fè sou lòd Prezidan Vilbrun Guillaume.

2 mesye yo te chèche refij nan misyon diplomatik, tankou : konsila dominiken pou Oscar ak konsila fransè pou Sam.

Yon foul moun ki te anraje te anvayi konsila yo, yo te trennen prizonye yo soti nan pòs yo, epi yo te rache yo.

Ameriken yo, ki te pran pozisyon nan Pò vil Okap la, te resevwa lòd pou yo ale Pòtoprens imedyatman. Yo te debake la nan jou ki te vin aprè a epi yo te okipe Ayiti ofisyèlman pandan 21 lane.

Haiti reference

Lafrans

8 janvye 1996 : lanmò ansyen prezidan fransè François Maurice Adrien Marie Mitterrand

8 janvye 1996, ansyen prezidan fransè sòti 1981 pou rive 1995 François Maurice Adrien Marie Mitterrand, mouri nan vil pari ak laj 79 lane.

Se te yon avoka, yon moun ki te sove nan lagè, yon travayè sou kontra anba rejim Vichy a, epi yon moun ki te resevwa Lòd Fransisk la.

Li te fèt yon 26 oktòb 1916, li te marye avèk Danielle Mitterrand, li te fè 4 pitit.

Retro News

Lafrans

8 janvye 1896 : lanmò ekriven fransè Paul Verlaine

8 janvye 1896, ekriven epi powèt fransè 19ème syèk, Paul Verlaine mouri nan vil pari peyi Lafrans.

Li te fèt nan lokalite « Moselle », vil Metz nan dat 30 mas 1844. Li te pibliye premyè koleksyon li ki te pote non « Poèmes saturniens » nan lane 1866, li te gen 22 lane epòk sa. Lavi li te boulvèse lè li te rankontre « Arthur Rimbaud » nan mwa septanm 1871.

france-pittoresque

Lafrans

8 janvye 1959 : Charles de Gaulle eli Prezidan

8 janvye 1959, Charles de Gaulle vini prezidan peyi Lafrans. Li te eli Prezidan Repiblik la nan mwa Novanm ane 1958, li te pran fonksyon an Janvye 1959 epi li te nonmen Michel Debré kòm Premye Minis.

Li te dirije dènye gouvènman Katriyèm Repiblik la epi li te bay Lafrans yon nouvo konstitisyon nan dat 4 oktòb 1958.

herodote.net

Vatikan

8 janvye 1198 : « Lotario » eli Pap Legliz Katolik

8 janvye 1198, « Lotario » eli pap epi li te pran non « Inosan III ». Sa ki etranj, kadinal-dyak sa a pat janm resevwa òdonans prèt! Sa pa t anpeche eleksyon li, paske nenpòt kretyen gason ki batize te teyorikman kalifye pou monte sou twòn Sen Pyè a.

Nouvo pap la, petèt pi gran pontif Mwayennaj yo, te ranpòte eleksyon li kòm Pap, gras avèk repitasyon li kòm yon teyolojyen ak tanperaman enèjik li.

herodote.net