Ayiti
17 desanm 1915 : yon gwoup « Marines » ameriken kase Bank Repiblik Ayiti a
17 desanm 1915, pandan okipasyon amerikèn an nan Ayiti, “Marines” yo te sezi lò ki vo 500 mil dola ameriken nan Bank Repiblik Dayiti.
“Marines” Ameriken ki te sou kwazyè “Machias” la te debake an kachèt nan Pòtoprens pou komèt vòl sa kont leta Ayisyen an.
Aprè sa, yo te transfere lajan an nan “National City Bank” nan vil Nouyòk, peyi Etazini.
Sous: Haiti reference
Ayiti
17 desanm 1908 : Antoine Simon pwoklame Prezidan Ayiti
17 desanm 1908: Antoine Simon Pwoklame Prezidan Asanble Nasyonal la, aprè li te fin antre Pòtoprens avèk triyonf kont Prezidan Nord Alexis.
Nan kòmansamn, Antoine Simon te pran tit Prezidan Pwovizwa Repiblik Dayiti. Avèk chwa ki te fèt jou sa a, Asanble Nasyonal la te rekonèt « usurpation » an epi li te ratifye li atravè lwa konstitisyonèl sa a.
Manda 7 lane Antoine Simon an te dwe fini 15 me 1915. Li te abandone pouvwa a 2 out 1911, apre triyonf soulèvman ki te kòmanse nan Ouanaminthe la.
Sous : Haiti Reference
Ayiti
17 desanm 2001 : tantativ koudeta kont Prezidan Aristide
17 desanm 2001, Tantativ koudeta kont Prezidan Jean-Bertrand Aristide. Byen bonè nan maten, 24 nèg ak zam, daprè dènye chif yo, te atake Palè Nasyonal la. Prezidan Aristide pat prezan nan lè sa a ki te avanse anpil.
Asasen yo te kenbe kontwòl lokal la pandan 7 èdtan anvan lapolis te reprann kontwòl la. Aprè evènman sa a, militan Lavalas yo te mete dife nan biwo plizyè pati politik ak òganizasyon.
Sous : Haiti Reference
Venezyela
17 desanm 1830 : lanmò Prezidan Simon Bolivar
17 desanm 1830, « Simón José Antonio de la Santísima Trinidad Bolívar y Palacios », moun konnen sou non « Simón Bolívar », mouri nan vil Santa Marta, peyi Kolonbi.
Se te yon jeneral epi politisyen Venezyelyen, ki te fèt 24 jiyè 1783 nan Caracas, Venezyela.
Kòm yon gwo figi nan listwa inivèsèl, « Bolívar » se jodi a yon ikòn politik ak militè nan anpil peyi Amerik Latin nan ak atravè lemond.
Sous : jesuismort.com
Etazini
17 desanm 1791 : piblikasyon 10 amannman konstitisyon Etazini a
17 desanm 1791, yon ti tan aprè envestiti premye prezidan Etazini, Georges Washington, pibliye 10 amannman nan Konstitisyon Etazini konsènan dwa endividyèl yo.
Te deja gen yon presedan ak adopsyon yon premye Deklarasyon Dwa, Kongrè koloni Vijini an nan dat 12 jen 1776, sou inisyativ George Mason.
Ekspresyon an li menm sòti nan lwa Wa William nan Orange nan Angletè te apwouve an 1688.
Sous : www.herodote.net





























