Accueil yon dat,yon jou,yon evènman Yon jou, yon dat, yon evènman

Yon jou, yon dat, yon evènman

Ayiti

20 septanm 1758 : nesans Jean-Jacques Dessalines

Jean-Jacques Dessalines, yo konnen tou sou non Jacques Ier, te fèt 20 septanm 1758, sou Abitasyon Vye Kay (nan Grann Rivyè-dinò). Li te yon ansyen esklav ki te vin yon ofisye militè fransè avan li te tounen rebèl, epi li te vin premye anperè Ayiti.

Kòm lyetnan-jeneral nan lame Toussaint Louverture, li te vire do bay fransè yo pandan ekspedisyon Leclerc la, yon ekspedisyon Bonaparte te voye Sen Domeng pou retabli otorite kolonyal la ak esklavaj. Lè sa a, Dessalines te mennen anpil batay, tankou batay « Crête-à-Pierrot » nan mwa mas 1802, kote li te bay sòlda li yo anpil kouraj ak deklarasyon sa a: « Sa ki vle rete esklav fransè, sòti nan fò a; sila, okontrè, ki vle mouri kòm moun lib, vini bò kote m’. »

Li te pwoklame endepandans Ayiti premye janvye 1804, epi aprè sa li te pwoklame tèt li « gouvènè jeneral pou lavi. »

https://fr.m.wikipedia.org/wiki/Jean-Jacques_Dessalines

Ayiti

20 septanm 1849 : pwomilgasyon Konstitisyon Enperyal la

Konstitisyon sa a te fè prezidan Faustin Soulouque tounen Anperè Ayiti sou non Faustin premye, epi Repiblik Ayiti a vin tounen yon anpi . Li te deklare “diyite enperyal la ereditè nan desandan dirèk, natirèl, ak lejitim Anperè a, de gason an gason e pèsonaj Anperè a « envyolab epi sakre. » Sa te bay yon baz konstitisyonèl pou noblès Anperè Faustin premye te kreye apre sa.

https://www.haiti-reference.info/pages/plan/histoire-et-societe/ephemerides/dates-09septembre/

Ayiti

20 septanm 1697 : premye siyati trete Ryswick

Trete lapè sa a te siyen ant Lafrans, Pwovens Ini yo, Angletè ak Espay pou mete fen nan lagè Lig Augsburg la. Zile Ayiti, yo te konnen sou non Ispanyola, te separe ant Lafrans ak Espay. Yon dezyèm siyati te fèt 30 oktòb menm ane a ant Lafrans ak anperè Leopold premye.

https://www.haiti-reference.info/pages/plan/histoire-et-societe/ephemerides/dates-09septembre/


20 septanm 1960 : entegrasyon plizyè peyi Afriken nan ONU

Jou 20 septanm 1960 la, se te yon gwo dat nan istwa Nasyonzini, paske se jou sa a 14 nouvo peyi te rantre kòm manm. Se te yon evènman ki montre kouman anpil peyi t ap jwenn endepandans yo nan epòk sa a.

Yon gwo chanjman pou Lafrik ak rès mond lan.

Nan jou sa a, Asanble Jeneral Nasyonzini an te akeyi yon bann peyi afriken ki te fèk pran endepandans yo. Adezyon sa yo te chanje tout ekilib la nan òganizasyon an, e yo te bay Lafrik yon pi gwo vwa sou sèn entènasyonal la. Peyi tankou Benen, Boukina Faso, Kamewoun, Repiblik Santrafrikèn, Repiblik Kongo, Repiblik demokratik Kongo, Kòt d’Ivwa, Chip, Gabon, Madagaska, Nijè, Somali, Tchad, ak Togo te vin manm.

Se te yon etap enpòtan pou tout peyi sa yo, ki te pèmèt yo gen plas yo nan diskisyon mondyal sou lapè, sekirite, ak devlopman.

https://fr.m.wikipedia.org/wiki/Liste_des_%C3%89tats_membres_des_Nations_unies

Ayiti

20 septanm 1734 : yon gwo dife detwi vil Okap

Nan nwit 20 septanm 1734, yon dife ki te eklate nan katye komèsyal vil Okap la e ki te dire jiska demen maten 21 septanm, te detwi mwatye nan vil la. Sa te lakòz plizyè milyon pèt. Moun nan vil la (esklav ak kolon) te fè kouray pou sove vil la, menmsi yo pa t jwenn èd maren yo ki te sou bato « La Charente » kapitèn Vaudreuil te kòmande a, ki te estasyone nan pò a.

https://www.haiti-reference.info/pages/plan/histoire-et-societe/ephemerides/dates-09septembre/

UNESCO

20 septanm 2015 : selebrasyon jounen espò inivèsitè

Nan lane 2015, UNESCO te chwazi 263è jou nan ane a pou li selebre « Jounen Entènasyonal Espò Inivèsitè »

Yo selebre Jounen Entènasyonal Espò Inivèsitè a nan dat 20 septanm. Federasyon Entènasyonal Espò Inivèsitè (FISU) te pwopoze jounen sa ak Òganizasyon Nasyonzini pou Edikasyon, Syans ak Kilti (UNESCO) pou « renouvle enpòtans espò dwe genyen epi kenbe nan inivèsite ak nan lavi chak jou etidyan yo.

Eta manm UNESCO yo te apwouve pwopozisyon sa a nan 38yèm sesyon Konferans Jeneral la nan Pari an Novanm 2015.

https://fr.m.wikipedia.org/wiki/Journ%C3%A9e_internationale_du_sport_universitaire