Accueil yon dat,yon jou,yon evènman Yon jou, yon dat, yon evènman

Yon jou, yon dat, yon evènman

 

Ayiti

9 desanm 1883 : nesans Elie Lescot

Elie Lescot fèt nan dat 9 Desanm 1883. Li te vin prezidan Ayiti sòti15 Me 1941 rive 11 Janvye 1946.

Elie Lescot te sèvi Ayiti pandan plizyè ane kòm minis nan gouvènman menm si li te viv nan vil Washington, peyi Etazini pandan epòk la.

Apre yo te fin ranvèse l sou pouvwa, li te ale an ekzil epi li te retounen an Ayiti sèlman anviwon twa zan anvan lanmò li nan dat 20 oktòb 1974.

Sous : Haiti Reference

Ayiti

9 desanm 1941 : Ayiti deklare Almay lagè

9 desanm 1941, Ayiti deklare lagè kont Almay, Itali ak Japon aprè atak « Pearl Harbor » la.

Prezidan Elie Lescot ki te prezidan Ayiti nan epòk sa, angaje l pou l bay nenpòt jwif ki mande yon paspò Ayisyen.

Plis pase 300 fanmi jwif te sezi opòtinite sa pou tabli yo nan plizyè vil ayisyèn, pami yo Jakmèl.

Sous : Haiti Reference

Ayiti

9 desanm 1801 : Toussaint Louverture resevwa premye kopi konstitisyon li

9 desanm 1801, Toussaint Louverture resevwa yon premye kopi konstitisyon li te fè ekri 6 semèn.

Se te 2e konstitisyon ki te òganize fonksyònman enstitisyon koloni fransèz yo sou zile Sen Domeng, aprè sa ki te pibliye nan dat 28 me 1790 an.

Desizyon sa te akonpaye pwosesis militarizasyon Sendomeng fas a lagè ki te prèske rive ak pirat esklav nan Karayib la.

Li te enplike tou, pou rasire nouvo patnè komèsyal anglè ak ameriken yo, yon rediksyon nan salè yo te peye ansyen esklav yo, ki te vin « kiltivatè lib ».

Sous : Haiti Reference

Afrik di Sid

9 desanm 1994 : Nelson Mandela eli prezidan

9 desanm 1994, Nelson Mandela eli prezidan Afrik di Sid. Yon aktivis anti-apartheid, avoka, epi ansyen prizonye politik, te prete sèman kòm Prezidan Afrik di Sid pou yon manda 5 lane ki te bout 14 jen 1999.

Nelson Mandela te premye chèf deta ki pa blan nan listwa Afrik di Sid, epi tou premye moun ki te pran fonksyon aprè demantèlman sistèm apatheid la epi entwodiksyon demokrasi miltirasyal la.

Sous : Humanite.fr

Lafrans

9 desanm 1893 : lansman yon bonm sou chanm Depite a

9 desanm 1893, anarchis « Auguste Vaillant » voye yon bonm nan chanm Depite yo nan vil Pari, peyi lafrans, pou pwoteste kont ekzekisyon « Ravachol » nan dat 11 jiyè 1892.

Atak sa a se yon temwayaj sou vag teworis ki te frape sosyete oksidantal yo nan fen 19ème syèk la nan non anarchis.

Atak François Ravachol, Émile Henry, ak Caserio yo; « lwa mechan » Casimir-Perier yo; epi tou tantativ asasina Bresci kont Wa Umberto I nan peyi Itali, elatriye.

Sous : Le monde.fr

Lafrans

9 desanm 1905 : Palman fransè a vote lwa ki separe Legliz ak Leta

9 desanm 1905, Palman fransè vote lwa ki separe Legliz ak Leta a epi inisye pa Depite Aristide Briand.

Gouvènman Maurice Rouvier ki te komanse aplike sa ki te rezilta yon long pwosesis pou sekilarize enstitisyon politik yo.

Pwosesis te kòmanse avèk Wa Filip le Bel la, 6 syèk anvan, yon pwosesis ki pat anpeche 5 kadinal tankou: Tournon, Richelieu, Mazarin, Dubois, ak Fleury sèvi kòm Premye Minis nan entèmedyè a.
Sous : www.herodote.net

Ewòp

9 desanm 1955 : adopsyon drapo ewopeyen

9 desanm 1955, Konsèy Ewòp la adopte drapo Ewopeyen an. Arsène Heitz, yon fonksyonè modès, yon atis nan tan lib li, epi yon katolik devwe ki te desine Anblèm lan.

Se Meday Mirakileuz Ri du Bac la ki te sous enspirasyon li.

Sous : www.herodote.net