Ayiti
31 oktòb 1906 : prezidan Eustache Antoine marye pou yon 3e fwa
Prezidan Eustache Antoine François Joseph Louis Borno marye avèk Hélène Saint Macary nan dat 31 oktòb 1906. Se te 3e maryaj 28e prezidan Repiblik dAyiti sòti 5 me 1922 pou rive 15 me 1930.
Lisansye nan dwa nan lane 1890 nan fakilte Pari, direktè Lekòl Dwa Pòtoprens nan epòk sa epi Fondatè Sosyete Lejislasyon, yon gwoup refleksyon modènis, Eustache Antoine François Joseph Louis Borno te fè 3 pitit avèk 3ème madanm li.
Sous: gw.geneanet.org/Haiti Reference
Ayiti
31 oktòb 1929 : grèv etidyan Agrikilti nan fakilte Damien
31 oktòb 1929, Grèv elèv Lekòl Agrikilti nan Damien yo te pran yon faz politik lè elèv ki soti nan lòt enstitisyon nan peyi a te kòmanse montre solidarite ak elèv agrikilti yo.
Se te premyè grèv etidyan Ayisyen ki te al rankontre avèk masak “Marchaterre” nan dat 6 desanm nan te pouse okipan yo kreye yon komisyon yo rele Komisyon “Forbes” pou evalye sitiyasyon an sou teren an epi pwopoze solisyon posib.
Sous: Haiti Reference
Almay
31 oktòb 1517 : Martin Luther » afiche 95 tèz pou denonse eskandal legliz katolik
Nan dat 31 oktòb 1517, sou pòt Legliz Chato Wittenberg nan Saxe, yon mwàn alman ki rele « Martin Luther » te afiche 95 tèz ki denonse eskandal Legliz nan epòk li a.
San l pa konnen, « Martin Luther » ta pral kraze inite Legliz Katolik la epi poze fondasyon Pwotestantis.
Aprè zak sa dirijan legliz la te mete « Martin Luther » sou kote pandan 3 lane. Nan entèval sa, li dirije majorite Almay ak prens li yo pou revòlte kont Pap la epi konvèti nan doktrin li a.
Jodi a, genyen 65 milyon moun ki pratike “luthérianisme”, sitou nan Almay ak nan peyi kote yo pale alman.
Sous : www.herodote.net
Israyèl
31 oktòb 1925 : Reza Shah Pahlavi, nouvèl Anperè peyi Pès
Nan dat 31 oktòb 1925, peyi Pès te bay tèt li yon nouvèl anperè sou non « Reza Shah Pahlavi ».
Se te yon ofisye 47 an ki te pran chèf gouvènman an kèk ane anvan. Avèk anpil enèji, li te retabli estrikti leta yo nan yon « Empire » ki kounye a sèlman lonbray sa li te reprezante anvan.
Nan epòk sa, li te fè kouwone li nan plas reprezantan dinasti « Qadjar » la.
Sous : www.herodote.net
End
31 oktòb 1984 : asasina Premye Minis endyen an, Indira Gandhi
Ekstremis « Sikhs » asasinen Premye Minis Endyen an, « Indira Gandhi », nan dat 31 oktòb 1984.
Asasen an te fè pati gad pòsonèl viktim nan. Rajiv, te ranplase manman li nan pòs sa pwovizwaman.
Nan sa k gen awè ak pakou li, Premye fanm chèf deta nan mond kontanporen an, se eksè men tou siksè, selon François Gautier, otè yon biyografi li.
Sous : cnews.fr/diaporamas
Etazini
31 oktòb 1968 : fen bonbadman Vyetnam di Nò
31 oktòb 1968, Prezidan ameriken Lyndon B. Johnson bay lòd pou sispann nèt bonbadman nan Vyetnam di Nò.
Se te kondisyon esansyèl pou tout negosiyasyon daprè deklarasyon sekretè jeneral Oganizasyon Nasyon Zini epòk la te fè.
Règleman konfli a te enplike yon retou nan Akò Jenèv yo nan lane 1954.
Sous : lemonde.fr/archives



























