Accueil yon dat,yon jou,yon evènman Yon jou, yon dat, yon evènman

Yon jou, yon dat, yon evènman

 

Ayiti

28 oktòb 1913 : sann kò Prezidan « Cincinnatus Leconte » transfere nan vil Okap

28 oktòb 1913, sann Prezidan « Cincinnatus Leconte » ki te mouri nan eksplozyon palè Nasyonal 8 dawout 1912, transfere nan vil Okap, depatman Nò Ayiti.

Eksplozyon sa anpil istoryen ayisyen konsidere kòm yon evènman trajik te pase nan lannwit 8 dawout 1912, epi pote ale lavi yon santèn lòt moun ki t ap travay nan espas la.

Palè nasyonal ki se senbòl Pouvwa te tounen sann nan kèk segonn.

Sous : haitiinter.com

Ayiti

28 oktòb 1966 : premyè seremoni konsekrasyon divès evèk ayisyen

28 oktòb 1966, premyè seremoni konsekrasyon divès evèk ayisyen, dewoule nan Katedral Pòtoprens.

Se sekretè kongregasyon pou zafè eklesyastik yo, Kadinal Antonio Samoré ki te genyen avèk Monsenyè Albert François Cousineau epi Rémy Augustin.

Nan diskou li te pwononse pou okazyon an, Mgr. François W. Ligondé, deklare aprè prestasyon sèman konstitisyonèl li : “Pou premyè fwa depi siyen Konkòda a, pitit gason ki sòti nan fon pèp nou an pran responsablite espirityèl pou dyosèz Ayiti yo epi yo te vin lidè efektivman.”

Sous : haiti24.net et Wikipedia

Ayiti

28 oktòb : jounen entènasyonal Lang ak kilti Kreyòl

Depi lane 1983 otorite ayisyèn yo dekrete dat 28 oktòb la « Jounen entènasyonal Lang ak kilti Kreyòl »

Se yon okazyon pou selebre lang ak kilti kreyòl tout kote sou latè yo pale lang sa. Dènye estatistik yo revele genyen plis pase 10 milyon moun nan mond la ki pale kreyòl san Ayiti pa ladan l.

Pou ane 2025 la, Akademi Kreyòl Ayisyen an avèk Patnè l yo reyalize plizyè aktivite pou make jounen sa.

Sous : haitiinter.com

Ròm/Itali

28 Oktòb 312, ranpòte Anperè « Constantin » lavitwa sou rival li « Maxence » nan « Pont Milvius », sou « Tibre » ki twouve li nan zòn Nò vil « Rome ».

Aprè l te fin mete tout anpi Romen an anba otorite li, « Constantin » siyen yon dekrè ki legalize krisyanis kòm relijyon ofisyèl « Empire » la ki vin yon nouvèl kapital epi « Future Constantinople ».
Avèk aksyon sa, « Constantin » te vini anperè Women ki pi enpòtan aprè « César » ak « Auguste ».

Lafrans

28 oktòb 1962, jeneral « de Gaulle », prezidan repiblik fransèz soumèt yon gwo revizyon konstitisyon an nan refersndòm sitwayen yo.

Se nan revizyon sa, li enstitiye eleksyon prezidan nan sidraj inivèsèl dirèk. Se prens Louis-Napoléon Bonaparte, neve Napoléon 1er, ki te eli premye prezidan nan lane 1851 nan fòmi sa.

Sous : www.herodote.net

Lafrans

28 oktòb 1997, prezidan repiblik fransèz la, Jacques Chirac anonse li mete fen nan sèvis militè obligatwa pandan yon diskou televize.

Editoryalis fransè yo, klas politik ak opinyon piblik la te apwouve desizyon brid soukou sa.

Se lwa 28 oktòb 1997 la ki ofisyalize desizyon sa. Yon desizyon ki kapab retabli lè genyen kriz grav ki menase egzistans nasyon an.

Sous : www.herodote.net