Accueil yon dat,yon jou,yon evènman Yon jou, yon dat, yon evènman

Yon jou, yon dat, yon evènman

 

Ayiti

19 oktòb 1806 : Asasina Kapwa Lamò

Ewo Endepandans François Capois-La-Mort, yo te konnen sou non Kapwa Lamò, kòmandan dezyèm divizyon Nò a e youn nan moun ki te siyen Ak Endepandans lan, te mouri nan yon anbiskad bò Limonad, nan depatman Nò.

Yo rekonèt Capois pou eksplwa li te fè, lè li menm ak sòlda l yo te gen pou misyon, pran fò Charrier, yon gwo pozisyon kle pou Fransè yo.

Pandan yo t ap avanse, Fransè yo te kòmanse yon lapli bal ak kout kanon, ki te touye anpil sòlda Ayisyen. Men, Capois te refize kanpe, li te monte chwal li e li te kontinye mennen atak la, li t ap rele « An avan! An avan boulèt se pousyè!

6320.010.- Dates Historiques: Mois d’Octobre

Ayiti

19 oktòb 1888 : Lanmò Lysius Félicité Salomon

Salomon ki te prezidan Ayiti soti 23 oktòb 1879 pou rive 10 dawout 1888, te oblije kite pouvwa a apre yon soulèvman Séide Thélémaque te òganize, men ansyen prezidan Boisrond Canal te repran . Li te al chèche refij an Frans kote li te rann dènye souf li nan dat kite 19 Oktòb 1888 lan.

6320.010.- Dates Historiques: Mois d’Octobre

Ayiti

19 oktòb1986 : Eleksyon Asanble Konstitiyan an

Eleksyon sa yo te make premye etap nan pwosesis pou ekri konstitisyon an apre Duvalier. Pèp ayisyen an, ki pa t montre anpil enterè (to patisipasyon an te pi ba pase 5%) pou eleksyon sa yo, te gen pou chwazi 41 manm sou 101 kandida.

Kòm asanble a te dwe gen 61 chèz, se te responsablite Konsèy Nasyonal Gouvènman an (KNG) pou nonmen 20 lòt manm yo. Manm konstitiyan yo te eli e yo te nonmen, yo te kòmanse travay yo 1ye Desanm.

6320.010.- Dates Historiques: Mois d’Octobre

19 oktòb : jounen entènasyonal kont kansè nan tete

Jounen mondyal sa a se yon evènman ki fèt chak ane nan dat 19 oktòb pou sansibilize piblik la sou maladi sa a, ankouraje depistaj bonè ak sipòte moun ki afekte yo.

Kansè nan tete se kansè ki pi souvan frape fanm yo, ak anviwon 2.3 milyon nouvo ka yo dyagnostike chak ane toupatou nan mond lan, dapre Òganizasyon Mondyal Sante (OMS). Li se yon gwo kòz lanmò tou, ak prèske 685,000 moun ki mouri chak ane sou latè.

https://journees.net/sante/journee-mondiale-contre-cancer-sein#google_vignette