Ayiti
17 oktòb 1806 : asasina Jean-Jacques Dessalines
Jean-Jacques Dessalines ki se papa Nasyon an ak Anperè Ayiti sou non Jacques Ier depi 1804, te asasinen 17 oktòb 1806 sou Pon Wouj, nan pati Nò Pòtoprens lan.
Dessalines asasinen apre yon konplo kèk nan jeneral li yo te òganize, pami yo: Alexandre Pétion, Jean-Pierre Boyer, André Rigaud ak Bruno Blanchet ki t ap sèvi kòm entèmedyè nan mitan yo tout san bliye Henri Christophe ki te nan Nò peyi a.
Gouvènman li te deside antreprann yon refòm agrè nan benefis ansyen esklav ki pa t gen tè yo. Se konsa anperè a te asasinen 17 oktòb 1806 sou Pon Wouj, nan Nò Pòtoprens, anba konplo mesye Jeneral Pétion, avèk konplisite Christophe.
https://fr.wikipedia.org/wiki/Assassinat_de_Jean-Jacques_Dessalines
Ayiti
17 oktòb 1803 : Nicolas Geffrard pran kontwòl okay
Fransè yo te kòmanse sibi anpil presyon anba men twoup endijèn yo epi yo t ap pran defèt sou defèt nan mitan lagè endepandans lan.
Yo te kite Jeremi nan mwa dawout men Geffrard, ki te yon milat, te rasanble avèk Dessalines, li te resevwa kòmandman 13èm demi-brigad la ki te chase twoup ekspedisyonè yo Okap epi li te pran posesyon vil la. Malgre sa, nan mwens 2 lane, Fransè yo te rann tèt yo.
Ayiti
17 oktòb 1902 : lagè sivil la fini
17 Oktòb 1902 te make fen lagè sivil ki te opoze gouvènman Boisrond-Canal ak Jeneral Nord Alexis kont twoup rebèl Anténor Firmin yo. N ap souliye lagè sivil la a te fini ak viktwa Nord Alexis ki ta pral dirije peyi a jis nan lane 1908.
17 oktòb : jounen entènasyonal pou elimine lamizè
Jounen entènasyonal pou elimine lamizè a te kòmanse selebre 17 oktòb 1987. Jou sa a, anviwon 100 000 moun te rasanble nan Palè Trocadéro nan vil Paris, kote Asanble Jeneral Nasyonzini te adopte Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun nan nan lane 1948.
Rasanbleman sa a te fèt pou rann omaj ak viktim gwo mizè, vyolans ak grangou. Aktivis ki soti nan tout peyi te reyafime nan okazyon sa a, lamizè se yon vyolasyon dwa moun e ke yon aksyon kolektif dwe fèt pou asire dwa sa yo respekte.
https://www.unesco.org/fr/days/poverty-eradication
17 oktòb : jounen mondyal Don ògàn ak grèf
Depi 2005, Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS)
te pwoklame jounen mondyal don ògàn ak grèf la. Li selebre 17 oktòb chak lane. Objektif jounen sa a se sansibilize piblik la sou enpòtans don ògàn ak pwomosyon zak grèf yo. Evènman sa a ankouraje tou echanj sou lavi grèf ògàn ka bay moun, epi li vize kraze tabou ki antoure don an.
Jounen sa a raple tou enpòtans pou enskri kòm donatè epi pale sou sa ak fanmi nou, pou n ka sove lavi epi amelyore kalite lavi anpil moun k ap tann yon grèf.
https://www.journee-mondiale.com/74/journee-mondiale-du-don-d-organes-et-de-la-greffe.htm



























