Ayiti
3 Oktòb 1879 : dispèsyon Gouvènman pwovizwa Ayisyen an
Aprè l te sot nan legzil, nan dat 3 oktòb 1879, Louis Félicité Salomon, avèk sipò otorite militè Pòtoprens yo, pran pouvwa a, aprè depa Boisrond Canal. Mete sou sa, li te jwenn benediksyon Asanble Nasyonal la pou pran desten Peyi a.
Ayiti
3 oktòb 1963 : pasaj siklòn Flora an Ayiti
Siklòn Flora, ki te frape Ayiti nan dat 3 oktòb 1963. Se youn nan katastwòf natirèl ki touye plis moun nan listwa peyi a. Siklòn sa a, ki te nan kategori 4, te ravaje depatman Sid ak Lwès yo sitou. Li te koz gwo van ak lapli tonbe an kantite rekò sa ki lakòz gwo inondasyon ak gwo teren glise toupatou.
Bilan moun ki mouri yo nan peyi Ayiti te rive 5 000, ak anpil lòt ki te disparèt e ki te pèdi kay yo. Domaj nan agrikilti ak nan byen moun yo, ki te monte a plizyè milyon dola te katastwofik.
Siklòn Flora rete yon dezas ki make lespri moun anpil, e li se youn nan siklòn ki touye plis moun yo anrejistre nan Atlantik la.
https://www.aoml.noaa.gov/hurricane_blog/55th-anniversary-of-hurricane-flora/?hl=fr-CA
Ayiti
3 oktòb 2016 : siklòn Mathieu frape Ayiti
Nan lanwit 3 pou rive 4 oktòb 2016, malè te tonbe sou Ayiti ankò. Ouragan Mathieu, ki te klase kòm kategori 4 sou yon echèl ki gen 5, te bale peyi a.
Prèske 500 moun te pèdi lavi yo, 400 te blese, e 175 000 te rete san kay. Rekòt yo ki te ravaje te mete laperèz ensekirite alimantè nan kè tout moun. Kantite moun yo sispèk ki gen kolera te ogmante nan 40 pousan.
https://www.solidarites.org/fr/pays/haiti/haiti-octobre-2016-le-nouveau-choc-de-louragan-matthew/
3 oktòb 1932 : endepandans Irak
Irak se yon peyi nan Pwòch oryan an, ki chita kò l nan Mezopotami, nan nò penensil Arabi a, pran endepandans li nan dat 3 oktòb 1932. Yo konn rele Irak « peyi 2 rivyè yo » tou. Bagdad se kapital la ak pi gwo vil peyi a.
Teritwa sa a te fè pati Anpi Ottoman an pandan yon bon bout tan. Wayòm Ini a te okipe l apre Premye Gè Mondyal la, epi yo te mete l anba yon rejim manda Sosyete Nasyon yo (SDN). Pandan manda Britanik Mezopotami an, nan lane 1920, fòs k ap okipe l yo te fè fas ak yon soulèvman vyolan.
N ap souliye Wayòm Irak la te pwoklame endepandans li nan lane 1921, men li te jwenn endepandans total li nan dat ki te 3 oktòb 1932.
https://fr.wikipedia.org/wiki/Irak
3 oktòb 1990 : Almay reyinifye
3 oktòb 1990 te make dat ofisyèl reyinifikasyon Alman an, yon gwo evènman ki te mete fen nan plis pase 40 lane divizyon. Aprè Miray Bèlen an te tonbe nan dat 9 novanm 1989, presyon popilè ak negosyasyon entènasyonal yo te mennen nan entegrasyon Repiblik Demokratik Alman an (RDA) nan Repiblik Federal Almay (RFA).
Ak sa a te sele fen Gè Fwad la an Ewòp epi li te pèmèt Almay reprann tout souverènte li. Malgre tranzisyon sa a te kreye defi ekonomik ak sosyal, patikilyèman nan rejyon lès yo (ke yo rele tou « Länder »), li te senbolize viktwa demokrasi ak libète.
Ebyen jounen Jodi a, Repiblik Federal Almay reyinifye a reprezante yon fòs motè dèyè Inyon Ewopeyen an.
https://www.herodote.net/3_octobre_1990-evenement-19901003.php



























