Accueil yon dat,yon jou,yon evènman Yon jou, yon dat, yon evènman

Yon jou, yon dat, yon evènman

 

22 septanm

Ayiti

22 septanm 1793 : pwoklamasyon solanèl dekrè libète esklav yo

Nan dat 22 septanm 1793, komisyonè Sonthonax te pran inisyativ pou fè pwoklamasyon solanèl pou dekrè ki te bay esklav yo libète nan nò peyi Dayiti. Li te mande revolisyonè Etienne Polverel, kòlèg li ki te nan Lwès la, pou l te fè menm bagay la tou. Polverel pa t twò dakò ak li sou lide a, li te pito bay libète nan yon nivo redwi. Men aprè, li te oblije swiv enstriksyon Sonthonax yo lè li te fin wè jan esklav yo te fache nan vil Sen Mak, depatman Latibonit.

6320.009.- Dates Historiques: Mois de Septembre

Ayiti

22 septanm 1957 : Eleksyon Doktè François Duvalier kòm Prezidan

Se gouvènman militè ki te la nan epòk sa e ki te gen nan tèt li Jeneral Antonio Kébreau ki te òganize eleksyon prezidansyèl ak lejislatif sa yo.

Aprè Clément Jumelle, ansyen minis finans gouvènman Magloire a, te retire kò l nan kous la, eleksyon sa a te vin yon konfwontasyon ant 2 kandida prezidansyèl ki te reprezante 2 kouch sosyal Ayiti : Doktè François Duvalier, yon medsen ki te ansyen minis travay sou prezidan Estimé ak Louis Déjoie, yon endistryèl ki te ansyen senatè. Kèk jou aprè, yo te deklare Duvalier kòm sila ki te genyen eleksyon an.

6320.009.- Dates Historiques: Mois de Septembre

Ayiti

22 septanm 1998 : siklòn Georges frape Ayiti ak Repiblik Dominikèn

Yon siklòn frape Ayiti ak Repiblik, nan dat 22 septanm 1998. Yon gwo van ki t ap soufle a 200 km/h.

Repiblik Dominikèn pat vrèman prepare l pou frap siklòn sa paske premye previzyon yo te di siklòn nan t ap pase sou nò peyi a. Siklòn nan te koze lanmò 380 moun nan repiblik Dominikèn ak 1.2 milya dola ameriken dega.

Nan peyi Ayiti, dega yo te pi enpòtan nan zòn nò a, depi Okap rive Gonayiv, akoz inondasyon ak gwo lavalas labou. Nan sans sa, siklòn Georges te touye 209 moun nan peyi Dayiti e li te lakòz 179 milyon dola ameriken dega.

Mali

22 septanm 1960 : endepandans peyi Mali

Mali se yon eta ki nan Lwès kontinan Afriken an. Li gen fontyè ak Moritani nan nòdwès, Aljeri nan nòdès, Nijè nan lès, Boukinafaso nan sidès, Kòt divwa nan sid, Gine nan sidwès ak Senegal nan lwès. Kapital li se Bamako.

Lè Ewopeyen yo te separe Lafrik nan 19e syèk la, teritwa sa a te vin yon koloni anba Anpi kolonyal Fransè a e yo te rele l « Soudan Fransè ». Nan lane 1959, Soudan te vinn fòme Federasyon Mali ak Senegal, epi federasyon an te vin endepandan 20 jen 1960.

Senegal te kite federasyon an nan dat 20 dawout 1960, epi Repiblik Soudanèz la, sèl manm ki te rete, te fè menm bagay la tou. Ofisyèlman dat 22 septanm nan se dat li te pran endepandans li, li te chanje non l an « Repiblik Mali » e li te konsève non « Mali » federasyon an.

https://fr.m.wikipedia.org/wiki/Mali

Arabi Sawoudit 

22 septanm 1932 : kreyasyon Arabi Sawoudit

Arabi sawoudit se yon monachi absoli ki baze sou dinasti Islamik Sawoud la depi lè Abdelaziz Sawoud te kreye l nan lane 1932. Li gen 35.3 milyon abitan. Riyad se kapital ak pi gwo vil Arabi sawoudit. Li chita kòl nan pwovens ki gen menm non an. lajan li sèvi an pote non riyal saoudyen, lang ofisyèl li se arab, e relijyon leta rekonèt se Islam sunit lan.

Arabi sawoudit te fonde ofisyèlman 22 septanm 1932 lè yo te fè pwovens Nejd ak Hedjaz yo fè yon sèl. Abdelaziz ibn Saoud te vin wa. Lagè ki te pèmèt Ibn Saoud pran pouvwa a te lakòz 500,000 moun mouri nan mitan lane 1901 ak 1932.

https://fr.m.wikipedia.org/wiki/Arabie_saoudite