Accueil yon dat,yon jou,yon evènman Yon jou, yon dat, yon evènman

Yon jou, yon dat, yon evènman

 

Ayiti

23 desanm 1944 : Prezidan Elie Lescot reòganize Inivèsite Leta Ayiti a

23 desanm 1944, Prezidan Elie Lescot pran dekrè-Lwa ki reòganize Inivèsite a an Ayiti.

Dekrè sa a te pibliye nan Moniteur nan lendi 1er janvye 1945. Inivèsite a te kreye atravè lwa 4 Out 1920 an.

Sous: 10 lane Lejislasyon: 1940-1949. Pòtoprens

Ayiti

23 desanm 1946 : piblikasyon konstitisyon 1946 la

23 desanm 1946, Prezidan Dumarsais Estimé fè pibliye Konstitisyon 1946 la. Konstitisyon sa a, te rekonèt sèten dwa ak reyalizasyon pèp Ayisyen an.

Sepandan, li pat bay palmantè yo oswa manm pouvwa jidisyè a okenn responsablite enpòtan nan jesyon zafè peyi a.

Sous : Haiti Reference

Ongri

23 desanm 1442 : viktwa lidè “Jan Hunyadi” sou “Turcs” yo

23 desanm 1442, lidè ongwa a, “Jan Hunyadi”, ranpòte yon gwo viktwa sou “Turcs” yo nan “Jalorats”, Pòtay an fè yo sou “Danube” a.

Aprè sa, li te chase envazyonè yo soti nan Bèlgad. Apre lanmò li akòz epidemi an 1456, youn nan pitit gason l yo te eli wa Ongri, li te pran non « Matthias I Corvinus ». Yon vrè prens Renesans, li te mennen kilti ongwa a nan somè li.

Sous : Le Figaro

Almay

23 desanm 1940 : kondanasyon enjenyè « Jacques Bonsergent » « à mort »

23 desanm 1940, tribinal militè Alman kondane enjenyè « Jacques Bonsergent » « à mort » pou yon zak vyolans kont yon manm lame Alman an. Yo te egzekite li maten an.”

Jèn gason sa ki te gen laj 28 lane te youn nan premye Fransè okipan Alman yo te egzekite. Yo te arete l 6 semèn anvan, aprè yon batay ak sòlda nan mitan lannwit.

Lè Hitler te fè egzekite l pou rezon sa a sèlman, li te vle voye yon avètisman bay Marshal Pétain, ki te revoke Vis Prezidan Pierre Laval la 10 jou anvan epi ki te refize asiste retou « Napoleon III » nan « Invalides ».

Sous : Le Figaro

Inyon Latin

23 desanm 1865 : siyati konvansyon monetè

23 desanm 1865, Bèljik sou « Leopold II », Lafrans sou « Napoleon III », Itali sou « Victor Emmanuel II », ak Swis te siyen yon konvansyon monetè sou inisyativ Anperè Fransè yo. Sa te make nesans premye inyon monetè nan listwa: Inyon Monetè Latin nan.

Prensip la senp: lajan referans chak peyi nan Inyon an genyen menm pwa lò pandan yap kenbe non yo ; fran fransè, fran swis, lira ak senbòl nasyonal yo.

Sous : www.herodote.net

Nikaragwa

23 desanm 1972 : plis pase 10,000 moun pèdi lavi yo nan yon tranblemanntè

23 desanm 1972, yon tranblemanntè ki te mezire 6.5 sou echèl Richter a detwi Managua, kapital Nikaragwa a, li te touye plis pase 10,000 moun. Jouk jodi a, vil la toujou pote mak dezas terib sa a.

Sous : Inti Ocon / AFP