Ayiti
15 desanm 1855 : defèt twoup Faustin Soulouque fas ak dominiken yo
15 desanm 1855, Faustin Soulouque pèdi batay anfas twoup dominiken yo, Jeneral Santander t ap dirije nan « Santomé » ak « Cambronal ». Se te dènyè tantativ li pou reyini zile.
Sous : Haiti Perspectives
Ayiti
15 desanm 1958 : François Duvalier remete sou pye Gad prezidansyèl la
15 desanm 1958, François Duvalier elimine Kay Militè a epi li te remete Gad Prezidansyèl la an plas, ki resevwa lòd dirèkteman nan men prezidan an. Kòmandan Gad Prezidansyèl la sete Majò Claude Raymond.
Sous : Haiti Perspectives
Ayiti
15 desanm 2004 : ansyen solda FAd’H atake kay Jean Bertrand Aristide
15 desanm 2004, Ansyen sòlda Fòs Lame Dayiti demobilize pran daso kay ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide an ki te pati an Egzil nan epòk sa.
4 mwa aprè, lidè gwoup la, Remissainthe Ravix, mouri nan yon fiziyad nan zòn Pak endistriyèl Metwopoliten an.
Sous : Haiti Reference
Etazini
15 desanm 1966 : lanmò reyalizatè ameriken « Walter Elias Disney »
15 desanm 1966, pwodiktè epi reyalizatè ameriken « Walter Elias Disney », anpil moun konnen sou non « Walt Disney », mouri nan Kalifòni, peyi Etazini.
Li te gen laj 65 lane. Se yon reyalizatè fim desen anime ameriken.
Sous : Wikipedia
Kanada
15 desanm 1964 : adopsyon nouvo drapo palman kanadyen
15 desanm 1964, Premye Minis Liberal Kanada a, Leaster B. Pearson, pwopoze Palman an adopsyon yon drapo fèy erab pou ranplase Drapo Wouj Marin Britanik la, ki te gen blazon Kanadyen yo.
Fèy erab la fè referans a pyebwa mitik peyi a, ki gen sèv li ki nouri pèp la nan sezon prentan. Depi nan lane 1834, Sosyete Sen Jan Batis te adopte li kòm anblèm li.
Sous : www.herodote.net




























