Ayiti
19 septanm 1959 : Divalye Vle posede tout Pouvwa e li Mande palman an sa
Prezidan François Duvalier te mande Palman an pou l ba li tout pouvwa. 6 senatè te opoze ak demann sa a. Tousuit apre, yo te akize yo krim gwo trayizon ak konplo kont sekirite leta, epi yo te retire sitwayènte ayisyen yo. 5 nan yo te oblije al nan ekzil.
Pastè Yvon Emmanuel Moreau, ki te manm nan gwo kò a, te jwenn arestasyonl e li pa janm soti nan prizon sou rejim nan.
Ayiti
19 septanm 1994 : ameriken yo Debake nan peyi Ayiti Ankò
Operasyon “Uphold Democracy” se te yon entèvansyon militè Etazini, Polòy, ak Ajantin nan peyi ayiti men se Ameriken ki te nan tèt kòmandman l. Objektif operasyon an se te mete yon fen nan rejim militè ki te pran pouvwa a apre koudeta 1991 la, ki te ranvèse prezidan eli a, Jean-Bertrand Aristide.
Operasyon sa a te kòmanse 19 septanm 1994 epi li te fini 31 mas 1995. Li te fèt sou otorizasyon rezolisyon 940 Konsèy Sekirite Nasyonzini. Se nan dat 19 septanm lan premye gwoup militè ameriken yo te debake nan peyi Ayiti.
Ayiti
19 septanm 1911 : lanmò Anténor Firmin
Joseph-Auguste Anténor Firmin te fèt 28 oktòb 1850 nan vil Kap Ayisyen. Nan epòk sa a, Ayiti te fenk libere anba jouk koloni an. Li mouri 19 septanm 1911 pandan l te an egzil epi l te gen 60 lane. San okenn dout, li se youn nan figi entelektyèl ki pi enpòtan nan epòk li. Lavi li, ki te make pa yon chemen eksepsyonèl nan politik, literati ak diplomasi.
Nan lane 1889, prezidan Florvil Hyppolite te nonmen li minis Finans ak Relasyon Eksteryè. Li te kite pòs sa a an 1891, epi apre sa, li t al abite nan peyi Frans e nan lane 1900, yo te nonmen li anbasadè Ayiti nan peyi Frans.
Youn nan liv ki rann li pi popilè te pibliye nan lane 1885, (De l’égalité des races humaines. Anthropologie positive.) Liv sa a se yon tantativ pou l te retabli grandè istorik ras nwa a, depi nan peyi Ejip jouk Ayiti. Li te ekri l an reyaksyon liv Gobineau a ki rele Essai sur l’inégalité des races humaines (1853-1855).
https://fr.m.wikipedia.org/wiki/Joseph_Ant%C3%A9nor_Firmin
Ayiti
19 Septanm 1868 : Jeneral Nissage Saget Eseye divize Peyi a
Jeneral Nissage Saget, ki pa t dakò ak politik prezidan Sylvain Salnave, te fonde « Leta Nò. » Depatman Nò, Nòdwès ak Latibonit te fè pati nouvo eta sa a ki te nan konfli.
Men chèf lye yo (Kap Ayisyen, Pòdpè ak Gonayiv) te rete fidèl ak gouvènman santral la. 2 jou apre, yon lòt jeneral, Michel Domingue, te kreye pwòp gouvènman pa l nan Sid.
Nouvèl Zelann
19 septanm 1893 : Nouvèl Zelann se premye peyi ki bay fanm dwa pou yo vote
Pandan pifò gwo peyi demokratik toujou ap refize bay fanm dwa pou yo vote, Nouvèl Zelann make listwa an nan dat ki te 19 septanm 1893 lè li vin premye peyi otonòm nan mond lan ki bay fanm dwa pou yo vote.
Gwo chanjman sa a se fwi yon kokenn chenn batay militant pou dwa vòt fanm yo te mennen ak tout fòs yo, ak Kate Sheppard ki te youn nan moun ki te nan tèt mouvman sa. Li se yon figi enpòtan jodi a nan mouvman feminis nan Nouvèl Zelann. Kate Sheppard te fèt nan lane 1848 an Angletè, epi li te al viv Nouvèl Zelann an 1869.
https://www.caminteresse.fr/histoire/en-1893-ce-pays-a-ete-le-premier-au-monde-a-donner-le-droit-de-vote-aux-femmes-11199552/



























