Accueil yon dat,yon jou,yon evènman Yon jou, yon dat, yon evènman

Yon jou, yon dat, yon evènman

Ayiti

11 novanm 1810 : Jeneral Guy Joseph Bonnet abandone pòs li nan Pòtoprens

11 novanm 1810, Jeneral Guy Joseph Bonnet te abandone Pòtoprens pou l te pran pati ak André Rigaud.

Yon semèn anvan, André Rigaud, ansyen kòmandan Okay, te detache penensil sid la nan men Repiblik la.

Jeneral Bonnet, ki te Sekretè Deta nan Lwès la epòk sa, te deside ale jwenn ansyen jeneral li ak zanmi li.

Alexandre Pétion, ki te sispèk li, te itilize lwa 265 la pou aboli pòs Sekretè Deta a. Lòt gwo ofisyèl ki sòti nan Lwès la ki te gen lyen ak Sid la te swiv li, tankou Senatè « Pierre Charles Lys ».

Haiti : Reference

Ayiti

11 novanm 1913 : nesans pwofesè Daniel Fignolé

Pwofesè Daniel Fignolé fèt nan komin Pestel 11 novanm 1913, komin ki twouve l nan depatman Grandas. Yon jèn pwofesè matematik ki te vin tounen yon politisyen pwisan epi trè popilè.

Li te domine sèn politik la pandan plis pase yon deseni epi li te kapab mobilize gwo foul moun ak yon senp jès.

Aprè Paul Eugène Magloire tonbe sou pouvwa, militè yo te konfye l prezidans pwovizwa epi yo te retire l nan menl aprè sèlman 20 jou.

Haiti : Reference

Etazini

11 novanm 1889 : « Washington » vin 42e Eta nan Etazini

11 novanm 1889, Kongrè ameriken an vote pou teritwa « Washington » vini 42e Eta Etazini.

Nan ane 1850 yo, Eta a te rele 2 nan konte li yo « Pierce et King », nan lide pou rann omaj ak Prezidan « Franklin Pierce » ak Vis Prezidan li « William Rufus DeVane King ».

Washington te rele Pi souvan « Eta Washington » pou distenge li ak vil « Washington », yon Eta nan lwès Etazini.

Li sitiye nan nòdwès Etazini ki gen fwontyè ak Eta ameriken « Idaho » nan lès ak Oregon nan sid, Kanada nan nò, epi Oseyan Pasifik la nan lwès.

Sous : Wikipedia

Lafrans

11 novanm 1919 : premye anivèsè amistis nan Lafrans

Pou premye fwa, nan dat 11 novanm 1919, premye anivèsè Amistis la, yo te obsève yon « Minit Silans ».

Minit silans lan se yon moman refleksyon kòm yon siy souvni epi yo ka konsidere li kòm yon fòm lapriyè konpatib ak divès relijyon oswa menm ateyis.

Li soti an Frans, epi apre sa li gaye nan plizyè peyi.

Sous : 1-jour.fr

Nikaragwa

11 novanm 1945 : nesans politisyen José Daniel Ortega Saavedra

Politisyen nikaragwayèn, manm Front Sandinis pou Liberasyon Nasyonal, José Daniel Ortega Saavedra, fèt 11 novanm 1945, nan « La Libertad », kote li te patisipe nan ranvèsman dinasti Somoza a.

Li te dirije « Junte » Gouvènan Rekonstriksyon Nasyonal la, pandan premye peryòd revolisyon Sandinis la, soti 1979 rive 1985, li te Prezidan Repiblik la sòti 1985 rive 1990.

Aprè defèt li nan eleksyon prezidansyèl 1990 la, li te kandida ankò an 1996, 2001 ak 2006, ane kote li te eli prezidan ankò.

Sous : Wikipedia

Angola

11 novanm 1975 : pwoklamasyon endepandans Angola

11 novanm 1975, MPLA ak FNLA pwoklame endepandans Angola. Se swit ak sitiyasyon kawotik la ki te vini pi mal akoz sipò Inyon Repiblik Sosyalis Sovyetik yo (USSR) ak sòlda Kiben yo pou MPLA a, epi ak sipò Ameriken yo ak twoup Sid Afriken yo pou FNLA a.

Pandan 15 lane, Pòtigal te eseye repran kontwòl teritwa li te pèdi apre soulèvman 1960 yo.

Efò ekonomik ak militè ansyen pisans kolonyal la te antreprann, ansanm ak presyon diplomatik Sovyetik la ak Etazini te fè nan kontèks dekolonizasyon an, eksplike difikilte politik pòtigè Salazar te rankontre.

Finalman, Pòtigal te pwouve li pa t kapab kenbe yon prezans militè nan Angola, pou rezon ekonomik, diplomatik ak politik.

Sous : Wikipedia