Ayiti
29 septanm 1688 : piblikasyon Kòd Nwa a nan Leyogàn
Kòd Nwa te pibliye nan mwa mas 1685, se yon ansanm tèks ki gen 60 atik Jean-Baptiste Colbert te ekri. Akoz Kòd Nwa a, esklavaj la te tounen yon bagay ki legal nan koloni fransèz yo. Li te konsidere esklav la kòm yon byen prive pou mèt li, e li te asire pwoteksyon li kòm yon byen konsa konsa.
Atik 44 la nan kòd sila di « esklav yo se mèb », men mèt yo te gen dwa sou yo, ansanm ak devwa yo dwe ranpli. Anplis obligasyon pou yo batize yo epi ba yo ledikasyon, kòd Nwa a kontinye pou di : Ba yo manje kòrèkteman, pou n site sa yo daprè atik 22 ak 25 lan.
Ayiti
29 septanm 1854 : Nesans Jean-Jacques Dessalines Michel Cincinnatus Leconte
Jean-Jacques Dessalines Michel Cincinnatus Leconte, pitit pitit Jean-Jacques Dessalines, fèt 29 septanm 1854, nan komin Sen Michèl Latalay, depatman Latibonit, e se te 21e prezidan Ayiti soti 1911 rive 1912. Li se te yon militè ak politisyen ayisyen ki te vin prezidan Repiblik la depi 14 dawout 1911 jis li mouri nan yon eksplozyon moun patka rive konprann nan Palè Nasyonal la nan dat 8 dawout 1912.
https://fr.m.wikipedia.org/wiki/Cincinnatus_Leconte
Ayiti
29 septanm 1991 : koudeta nan peyi dAyiti
Nan dat 29 septanm 1991, yon koudeta militè te fèt kont gouvènman Jean-Bertrand Aristide la, ki se te premye prezidan ki te pran pouvwa demokratikman nan peyi a.
Chanjman pouvwa vyolan sa a te deklannche yon nouvo peryòd enstabilite ak latwoublay politik nan yon peyi ki te fenk kòmanse ap soti anba 29 lane diktati Divalye yo.
« Yo te koz Jean-Bertrand Aristide kite peyi a (ale an egzil), epi kòmandan anchèf Lame a, lyetnan jeneral Raoul Cédras, ki te dèyè koudeta a, te pran pouvwa a. »
https://www.refworld.org/reference/countryrep/irbc/1992/fr/23615
29 septanm : etablisman relasyon diplomatik Lachin ak Japon
Aprè 35 lane konfli, Lachin ak Japon siyen nan vil Peken, nan dat 29 septanm 1972, yon dokiman ofisyèl ki tabli premyè relasyon diplomatik ant 2 peyi sa yo. Moun ki te rive akonpli gwo eksplwa sa se Tanaka Kakuei, 85 jou sèlman aprè yo te fin nonmen li Premye Minis peyi Japon.
29 septanm : jounen mondyal kè
Òganizasyon Mondyal Sante (OMS) deside pou dat 29 septanm lan se Jounen Mondyal kè a. Se yon gwo okazyon pou sansiblize moun sou fason pou yo goumen kont maladi kadyovaskilè yo epi redwi enpak maladi sa genyen sou tout tè a.




























