Ayiti
27 septanm : kòmansman revolisyon Ayiti nan lane 1843
Revolisyon Ayisyèn 1843 a, se yon mouvman popilè ki te mete fen nan diktati Prezidan pou lavi Jean-Pierre Boyer a epi lakòz restorasyon demokrasi an Ayiti ak pwoklamasyon premye repiblik peyi a.
Charles Hérard Rivière te dirije yon soulèvman militè ki te ranvèse Prezidan Jean-Pierre Boyer nan lane 1843, sa ki te pèmèt yon gouvènman pwovizwa tabli epi adopte yon nouvèl konstitisyon.
https://fr.m.wikipedia.org/wiki/Jean-Pierre_Boyer_(homme_politique)
Ayiti
27 septanm 1991 : diskou Prezidan Jean-Bertrand Aristide fè lwanj pou Pè Lebrun
16 desanm 1990, Jean-Bertrand Aristide, yon prèt katolik ki te kritike rejim Duvalier a, te genyen eleksyon prezidansyèl la ak yon majorite vòt sou Marc Bazin, yon ansyen anplwaye Bank Mondyal. Eleksyon sa a te make yon tranzisyon demokratik ki te reyisi pou Ayiti, ki te anba gouvènman pouvwa diktati depi 1804.
Pi lwen, 27 septanm 1991, Jean-Bertrand Aristide lè l te retounen soti Nouyòk, li te konnen li te an danje pou yon koudeta, li te pwofite fè yon diskou devan 46èm Asanble Jeneral la, prezidan an te ankouraje sipòtè li yo pou yo rete vijilan epi, si sa nesesè, pou yo itilize « enstriman an, » yo konnen sou non « Pè Lebrun. »
Yo te konsidere remak sa yo kòm yon menas kont opozan li yo (biznisman, boujwazi, politisyen, ak ansyen Duvalyeris).
https://pyepimanla.blogspot.com/2016/09/le-president-jean-bertrand-aristide-et.html?m=1
27 septanm 1821 : endepandans peyi Meksik
21 septanm 1821, lame Twa Garanti yo, Jeneral Agustín de Iturbide t ap dirije, te antre nan Meksiko, ofisyèlman epi pwoklame endepandans peyi a anfas Espay, 300 lane apre Anpi Aztèk la te tonbe.
Jou sa a te make fen dominasyon kolonyal panyòl la ak kòmansman yon nouvèl epòk pou Meksik.
Se poutèt sa, yo selebre 27 septanm 1821 kòm Jounen lendepandans Meksiken an, ki make yon pwen enpòtan ak fondasyon yon nasyon lib ak souveren.
https://fr.m.wikipedia.org/wiki/Guerre_d%27ind%C3%A9pendance_du_Mexique
27 septanm 1988 : Aung San Suu Kyi fonde Lig Nasyonal pou Demokrasi nan Burma
Burma se ansyen non Myanma jodi a, yon peyi sidès azyatik ki te chanje non ofisyèlman nan lane 1989. Li se pi gwo peyi nan Sidès Azi kontinantal la epi li gen fwontyè ak peyi Zend, Bangladèch ak Lachin.
Nan lane 1990, seremoni remiz prim lan te dewoule nan Palman Ewopeyen an, aktivis la te mande pou sipòte valè demokratik yo, li te di konstitisyon an te bay militè yo yon wòl privilejye e ke li te bezwen modifye pou garanti dwa sitwayen Burma yo pou yo fòme pwòp desten yo.
Nan sans sa li te mande kominote entènasyonal la pou sipòte etablisman demokrasi ak respè pou dwa moun nan Burma, epi li te remèsye Palman Ewopeyen an pou sipò kontinyèl li pou kòz li a.
https://www.europarl.europa.eu/sakharovprize/fr/aung-san-suu-kyi-1990-myanmar-birmanie/products-details/20200330CAN54165
27 septanm : jounen mondyal Touris
Selebrasyon jounen mondyal Touris la te tabli nan 3e sesyon Asanble Jeneral Òganizsyon Mondyal Travay (OMT) a (Torremolinos, Espay, septanm 1979), nan lane 1980. Yo te chwazi dat sa a pou l koresponn ak yon gwo evènman nan touris mondyal la ki se anivèsè adopsyon Estati OMT yo nan dat 27 septanm 1970.
Objektif prensipal jounen mondyal Touris la se pou sansibilize kominote entènasyonal la sou enpòtans touris ak valè sosyal, kiltirèl, politik ak ekonomik li
Ane sa, jounen mondyal Touris la chita dewoule anba tèm : « Touris ak Transfòmasyon Dirab, » se yon fason pou mete aksan sou responsablite yon jenerasyon antye fas ak defi klimatik, sosyal ak ekonomik k ap transfòme sektè a.
https://www.untourism.int/fr/world-tourism-day



























