Home yon dat,yon play,yon evènman Yon play, Yon dat, Yon evènman

Yon play, Yon dat, Yon evènman

 

Ayiti

23 septanm 1831 : fondasyon Petyonvil

Nan dat 23 septanm 1831, prezidan Ayisyen Jean Pierre Boyer te fonde vil Petyonvil. Non vil sila soti nan non Prezidan Alexandre Pétion, se li ki te prezidan avan Jean Pierre Boyer.

Nan lane 1831, Petyonvil te sèlman konsidere kòm yon komin, li ta pral vin kapital Ayiti sou prezidan Geffrard. Ebyen Jounen jodi a Petyonvil vin tounen youn nan vil ki gen plis biznis k ap mache ladan l nan peyi Ayiti.

https://relationpubliquemp.wixsite.com/mairiepetionville

Ayiti

23 septanm 1887 : yon gwo tranblemanntè frape Ayiti

Nan dat 23 septanm 1887, vè 6zè55 nan maten, yon gwo tranblemanntè frape peyi Dayiti. Penensil Nò a te plis atake nan moman an.

Evènman sa a ta pral lakoz legliz katolik nan vil Pòdepè, ki te apèn konstwi, detwi. Mete sou sa, nan vil Okap, 88 kay te fisire ak kèk edifis ki te reziste aprè pasaj tranblemanntè 1842 ki te ravaje 2e vil peyi a.

7140.200.- Tremblements de Terre en Haiti

23 septanm 2017 : Jounen entènasyonal lang siy

Asanble jeneral nasyonzini pwoklame nan dat 23 septanm 2017 jounen entènasyonal lang siy yo. Jounen sa a se yon bèl opòtinite pou sipòte epi pwoteje idantite lengwistik ak divèsite kiltirèl tout moun ki gen pwoblèm tande ak moun ki gen pwoblèm pale, ansanm ak tout moun ki itilize lang siy.

Premye Jounen Entènasyonal Lang Siy yo te selebre 23 septanm 2018 nan kad semèn Entènasyonal moun soud yo.

https://www.un.org/fr/observances/sign-languages-day