Ayiti
22 desanm 1858 : soulèvman jeneral kont Faustin Ier
22 desanm 1858, yon gwo soulèvman kont rejim enperyal Faustin Ier a eklate nan vil Gonayiv, depatman Latibonit peyi Dayiti.
Jeneral Geffrard te pran tèt komite revolisyonè nan Gonayiv kont Anperè Faustin Ier ki donk Faustin Soulouque.
Anperè a te lanse yon lame 3,000 sòlda, li menm pèsonèlman te kòmande, kont rebèl yo. Twoup li yo te kanpe nan pòtay vil la epi yo te angaje yo nan kèk batay ak rebèl yo.
Sepandan, kòm li te soufri ak yon maladi dyare epi li pa t kapab anpeche foul moun ki t ap dezète soti nan kan li a, li te deside retounen nan kapital la. Soulouque te dirije Ayiti sòti lane 1847, dabò kòm Prezidan Repiblik la epi answit kòm Anperè apati 1849.
Under: Haiti Reference
Endonezi
22 desanm 2018 : eripsyon volkan Anak Krakatoa
22 desanm 2018, nan « Detroit de la Sonde », peyi Endonezi eripsyon vòlkan Anak Krakatoa deklanche yon gwo « Tsunami ».
Li te pwovoke tou glisman tè anba dlo ki te fèt 24 minit aprè eripsyon an epi ki te vin pi mal akòz gwo mare yo. Plis pase 370 moun mouri ak yon milye lòt blese nan katastwòf sa.
Under: Malteser International
Vyetnam
22 desanm 1944 : kreyasyon lame vyètnamyèn lan
22 desanm 1944, Pèp Vyetnamyen an kreye pwòp Lame li. Depi dat sa, Lame Pèp Vyetnam nan kontinye grandi epi ranfòse. Li te kòmanse avèk yon ti ponyen sòlda, li vin tounen yon senbòl rezistans ak viktwa pèp Vyetnamyen an.
Sa te kòmanse avèk yon Brigad 34 konbatan, li te piti piti transfòme an yon fòs militè fòmidab, estriktire, epi ki te gen bon jan eksperyans nan batay.
Under: Lecourrier.vn
Komò
22 desanm 1974 : endepandans peyi Komè yo
Referandòm pou endepandans Komò yo te fèt nan dat 22 desanm 1974. Li te envite Komoryen yo reponn kesyon sa a: « Èske ou vle teritwa Komò yo vin endepandan? »
Te genyen 161,421 elektè sou 172,660 elektè ki te enskri. 153,158, oubyen 95%, te vote pou endepandans. 8,162 te vote kont.
Men, nan Mayotte menm, 8,000 elektè sou 12,452, oubyen 63%, te vote kont endepandans.
4,300 te chwazi endepandans epi 4,500 te absteni. Rezilta a se te endepandans Komò yo nan dat 6 Jiyè 1975, san konte Mayotte.
Under: www.herodote.net

























