Accueil yon dat,yon jou,yon evènman Yon jou, yon istwa, yon evènman

Yon jou, yon istwa, yon evènman

 

Ayiti

3 septanm 1859 : tantativ asasina kont prezidan Fabre Nicolas Geffrard

Sa te rive nan aswè, kèk moun ki t ap chache fè konplo kont prezidsn Geffrard te kanpe bò kay Madan Blanfort, pitit fi prezidan Geffrard. Yo t ap tann chèf leta a, jan l te konn abitye vini lakay pitit fi l la, pou yo te eseye touye l. Youn nan yo te gen lide touye pitit fi a pou atire papa a ki t ap pran tan pou vini.

Atravè fenèt jalouzi a, li te tire ak fizi li epi li te kraze tèt Madan Blanfort. Lè moun ki te nan konplo yo wè sa, laperèz te anvayi yo e yo te kouri. Aprè zak sa represyon an pa t pran tan, li te trè sevè.

6320.009.- Dates Historiques: Mois de Septembre

Ayiti

3 septanm 1959 : lanmò Sténio Vincent, Prezidan Ayiti soti 1930 rive 1941

Sténio Vincent, yon manm elit minoritè Ayiti a, anvan li te vin prezidan, te yon jounalis, yon ekriven, yon diplomat, ak majistra Pòtoprens. Yo te eli l pou 6 lane, men li te rive kenbe tèt li sou pouvwa pandan prèske 11 an. Fen okipasyon Ameriken an ak masak plizyè milye Ayisyen nan Repiblik Dominikèn te fèt sou administrasyon li an.

Ansyen prezidan an te mouri 3 septanm 1959 nan Pòtoprens. Nan demen apre lanmò l yo te fè antèman nasyonal pou li.

https://www.juno7.ht/3-septembre-1959-deces-de-stenio-vincent/?fbclid=IwZXh0bgNhZW0CMTEAAR4d7F7gQTQjQq5cZI0ZViZDJrYotZDawgmyCQI9H0HIRZh1SsoF5xJgIKEFSg_aem_y8-k567Q-NmwAeTxc_xoTw

Etazini

3 septanm 1777 Drapo ameriken an flote pou premye fwa pandan batay Cooch’s Bridge

Batay Cooch’s Bridge, yo konnen l tou kòm batay Iron Hill, se te yon batay ki te fèt 3 septanm 1777 ant Lame Kontinantal la ak milis Ameriken an ak sitou sòlda Alman ki t ap sèvi bò kote lame Britanik la pandan Gè Endepandans Ameriken an.

Gen kèk sous ki ta vle fè kwè se te premye batay kote yo te wè drapo Ameriken an.

https://www.calendarz.com/fr/on-this-day/september/3/american-revolutionary-war

Etazini

3 septanm 1783 : trete vèsay (Traité de Versailles) konsakre endepandans Etazini

3 septanm 1783, trete vèsay la ofisyalize nesans Etazini damerik. Moun ki te siyen tèks sila se te Kont Vèjènn (le comte de Vergennes) ak Kont manchestè a ( le comte de Manchester) nan non wa Louis XVI ak George III epi nan prezans reprezantan peyi Lespay. Li mete fen nan Gè Endepandans Trèz Koloni Anglè yo nan Amerik di Nò.

Nan maten menm jou sa a, Benjamin Franklin ak John Jay, reprezantan ensije Ameriken yo, te rankontre anbasadè Britanik lan David Hartley nan rezidans li nan Pari. Avèk trete Pari sa a, yo te jwenn rekonesans Angletè pou endepandans Etazini damerik.

https://www.herodote.net/3_septembre_1783-evenement-17830903.php

Kontinan Ewòp

3 septanm 1953, Konvansyon Ewopeyen pou Dwa Moun (CEDH) antre an vigè

Konvansyon pou Sovgad Dwa Moun ak Libète Fondamantal yo (CSDHLF), yo rele l pi souvan Konvansyon Ewopeyen pou Dwa Moun (CEDH), se yon trete entènasyonal eta manm Konsèy Ewòp yo te siyen 4 novanm 1950 e ki te antre an vigè 3 septanm 1953.

Objektif li se pwoteje dwa moun ak libète fondamantal yo pandan lap pèmèt yon kontwòl jidisyè sou respè dwa endividyèl sa yo.

Konvansyon an fè referans ak Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun, Asanble Jeneral Nasyon Zini an te pwoklame 10 desanm 1948.

https://fr.m.wikipedia.org/wiki/Convention_europ%C3%A9enne_des_droits_de_l%27homme