Accueil yon dat,yon jou,yon evènman Yon jou, yon istwa, yon evenman

Yon jou, yon istwa, yon evenman

 

Ayiti

_2 septanm 1947 : siyati Trete Entè-ameriken Asistans Resipwòk (TIAR) nan Rio de Janeiro_

Peyi ki te ladan l yo te dakò pou yo rezoud nenpòt konfli ki ka parèt ant yo avèk lapè. Nenpòt atak ame san pwovokasyon kont youn nan eta sa yo t ap konsidere kòm yon agresyon kont tout moun ki siyen trete a.

Prezidan Ameriken an Harry Truman ak Sekretè Deta George Marshall te prezan nan dènye sesyon travay la, kote delege ki soti nan 19 peyi te patisipe depi 15 dawout. Peyi sa yo se: Ajantin, Bolivi, Brezil, Chili, Kolonbi, Kosta Rika, Kiba, El Salvador, Etazini, Gwatemala, Ayiti, Ondiras, Meksik, Panama, Paragwe, Pewou, Repiblik Dominikèn, Irigwe ak Venezyela.

https://perspective.usherbrooke.ca/bilan/servlet/BMEve/348&langue=fr

Ayiti

_2 septembre 1804: Dessalines pwoklame anperè pa gwo chèf lame a ak katriyèm demi-brigad la_

Dapre istoryen Thomas Madiou, rezon ki fè yo te fè pwoklamasyon sa a se paske « tit gouvènè jeneral yo te bay sitwayen Jean-Jacques Dessalines la pa t satisfè tout moun, paske li vle di yon pouvwa segondè ki depann de yon otorite etranje. »

6320.009.- Dates Historiques: Mois de Septembre

Japon

_2 septanm 1945 : Kapitilasyon Japon an siyen vrèman nan fen Dezyèm Gè Mondyal la_

Dezyèm Gè Mondyal la se toujou jounen jodi a konfli ki fè plis mò nan listwa, ak 50 a 60 milyon moun kite mouri. Si 8 me 1945 te make kapitilasyon Almay Nazi a, li te pran kat mwa anplis anvan Japon, yon rejim enperyalis ki te manm Aks la, te kapitile tou, sou 2 septanm 1945.

Kapitilasyon Japon an, ki te fèt ofisyèlman 2 septanm 1945 avèk siyati zak kapitilasyon yo nan Tokyo, mete ofisyèlman yon fen nan ostilite Dezyèm Gè Mondyal la.

Okòmansman, gouvènman Japonè a te favorab pou kontinye konfli a ak negosyasyon ak Inyon Sovyetik (URSS), men deklarasyon lagè Sovyetik la ak bonbadman atomik Iwochima ak Nagasaki te fòse l aksepte rann tèt ak kondisyon alye yo te deside nan konferans Potsdam lan.

https://fr.m.wikipedia.org/wiki/Capitulation_du_Japon

Kanada

_2 septanm 1987 : Ouvèti dezyèm Somè Frankofoni an_

Trannsèt (37) peyi te reprezante nan dezyèm Somè peyi ki pale fransè a ki te fèt nan Kebèk, nan Kanada, te adopte plizyè rezolisyon sou politik entènasyonal nan okazyon sa a, sitou sou oto-detèminasyon pèp Palestinyen an ak batay kont apartheid nan Afrik di Sid.

Aprè Pari, se Kebèk ki te akèyi Somè sa a kote 16 chèf eta, 10 chèf gouvènman ak 15 reprezantan ki soti nan diferan nivo te patisipe. Peyi ki t ap akèyi a te fè yon gwo deklare kote li efase dèt 7 peyi Afriken ki pale fransè, yon sòm kite egal a 325 milyon dola Kanadyen.

Kesyon politik entènasyonal yo te okipe yon gwo plas, pandan patisipan yo te pwononse yo sou yon seri rezolisyon. Tankou, dakò kenbe sanksyon kont rejim apartheid nan Afrik di Sid epi pou mande Pretoria negosye ak reprezantan otantik majorite nwa a ak lòt konpozan sosyete Sid Afriken an

https://perspective.usherbrooke.ca/bilan/servlet/BMEve/1872&langue=fr