Accueil yon dat,yon jou,yon evènman Yon jou, yon istwa, yon evenman

Yon jou, yon istwa, yon evenman

 

Ayiti

_31 dawout 1798: jeneral angle Thomas Maitland te remèt kle vil Mòl la bay jeneral nwa Tousen Louvèti_

Mòl Sen Nikola se yon komin nan peyi Ayiti ki chita kòl nan pwent lwès penensil la, nan nò peyi a. Se 6 desanm 1492, jou Sen Nikola, Kristòf Kolon te debake ak mesye l yo pou premye fwa sou zile a li te batize « Ispanyola »sou sit kote kounye a yo rele Mòl Sen Nikola a. Fransè yo te konsidere li kòm yon « Jibralta nan Karayib la » epi yo te deside fòtifye sit estratejik sa a apre lagè Sèt Ane a (1756-1863). Konsa, an 1764, yo te kreye yon ti vil ki te gen yon plan kare, li te batize menm non ak bè a, e se vil Mòl Sen Nikola a jodi a.

Nan dat 31 dawout 1798 jeneral angle Thomas Maitland te remèt kle vil Mòl la bay jeneral nwa Tousen Louvèti, ki te genyen yon gwo viktwa kèk mwa anvan lè li te antre nan Pòtoprens ak lame ansyen esklav li yo.

https://ehne.fr/fr/node/21159

Trinidad and Tobago

_Nan dat 31 dawout lane 1962, Trinidad and Tobago te vinn endepandan de Grann Bretay, epi an 1976 li te vin yon repiblik_

Peyi zile sa a, ki nan sid Karayib la, gen plizyè zile ladan li, de pi gwo yo se Trinidad and Tobago. Poutèt li toupre Venezyela, istwa li chaje ak mouvman, ak anpil chanjman nan men kolonizatè yo.

Trinidad and Tobago pa tankou pifò peyi nan Karayib la paske ekonomi li pa depann prensipalman de touris. Peyi a se youn nan pi rich nan rejyon an, gras ak gwo rezèv petwòl ak gaz natirèl li yo, sa ki fè li yon ekonomi ki gen gwo revni.

Kilti Trinidad and Tobago a se yon melanj rich nan enfliyans Afriken ak Endyen. Ou ka wè divèsite kiltirèl sa a nan gwo selebrasyon tankou kanaval, Diwali ak Hosay. Peyi a tou se bèso steelpan an, yon enstriman mizik ki popilè nan lemonn antye, ansanm ak anpil estil mizik tankou calypso ak soca.

https://www.calendarz.com/fr/on-this-day/august/31/trinidad-and-tobago

Etazini

Nan dat 31 dawout 1864, pandan Gè Sivil Ameriken an, jeneral William T. Sherman, ki te nan lame Nò a, te lanse yon atak sou Atlanta. Sa a te yon pati nan batay Jonesborough la. Objektif Sherman se te koupe dènye liy rezèv lame Sid la te genyen, sa vle di tren Macon and Western Railroad la. Kòmandan lame Sid la, John Bell Hood, te eseye anpeche sa rive lè li te voye twoup li yo pou repouse sòlda Nò yo.

Nan premye jou batay la, fòs Konfedere William J. Hardee yo te atake men yo te repouse ak gwo pèt. Lè sa a, Hood te bay lòd pou mwatye nan sòlda li yo tounen Atlanta. Nan denmen, 1e septanm, senk kò lame Nò yo te konvèje sou Jonesborough. Malgre gwo rezistans Konfedere yo, yon atak frontal lame Nò a te reyisi kraze defans yo, yo te kaptire 900 sòlda, men Konfedere yo te rive kanpe avansman an reyòganize tèt yo.

Malgre defans yo te kraze, kò lame Hardee a te rive chape. Pandan tan sa a, de lòt kò lame Nò yo te koupe ray tren an nan 31 dawout, sa ki te sele sò Atlanta. Lè Hood te aprann nouvèl la, li te evakye vil la nan aswè 1e septanm. Sòlda lame Nò yo te okipe Atlanta nan demen. Lè Atlanta tonbe an sa te gen gwo konsekans politik ak militè sou kou lagè sivil la.

https://www.calendarz.com/fr/on-this-day/august/31/american-civil-war