Accueil yon dat,yon jou,yon evènman Yon jou, yon istwa, yon evènman

Yon jou, yon istwa, yon evènman

Ayiti

6 septanm 1902  eksplozyon « La Crête-à-Pierrot », bato ki te pi pwisan nan marin ayisyen nan ak lanmò Amiral Hammerton Killick.

Nan dat 6 septanm 1902, nan pò Gonayiv, Amiral Hammerton Killick te jwenn tèt li devan yon chwa enposib: swa li te rann tèt li bay fòs alman yo, swa li te mouri kòm yon nonm lib.

Se li ki te kòmandan « La Crête-à-Pierrot », bato ki te pi pwisan nan marin ayisyen an, e li te konnen si yo arete l, se t ap fen rebelyon li t ap mennen ansanm ak Anténor Firmin an.

Olye li te rann tèt li bay lènmi an, li te pran yon desizyon radikal ak ewoyik: li te met dife nan pwòp bato l epi li mouri nan yon gwo eksplozyon, tou anvlope nan drapo ayisyen an. Se te yon zak kouraj, yon gran sakrifis li te fè pou onè peyi a.

https://www.facebook.com/100068237809082/posts/pfbid02ESWfZ1ZjMv4dxd4rnGtJrC4kxL8SbJsRbGfLqto7xah5cKDSR3DF8avSXMkXrdpkl/?app=fbl

Ayiti

6 septanm 2020

Pandan yon aktivite nan Palè Nasyonal ki te rele Dyalòg Kominotè, dimanch 6 septanm 2020 an, prezidan Jovenel Moïse te prezante Kou Sipèryè dè Kont ak kontansye administratif la (CSCCA) kòm yon enstitisyon k ap bloke, ki anpeche pwojè l yo reyalize nan peyi a.

Sou bò pa l, Nader Joiséus, titilè Ministè Travo Piblik, Transpò ak Kominikasyon (MTPTC) an, te menm trete konseye CSCCA yo « inyoran » ak « enkonpetan ».

Parapò ak deriv sa yo, Premye Minis Joseph Jouthe te oblije prezante eskiz piblik bay CSCCA aprè pawòl deplase Joiséus te di kont konseye CSCCA yo.

https://www.alterpresse.org/spip.php?article26199

Etazini

6 septanm 1901 : Asasinay William McKinley, 25èm prezidan Etazini

William McKinley te 25e prezidan Etazini. Depi ane 1880 yo, li te yon manm trè enfliyan nan Pati Repibliken an ak nan Chanm Reprezantan yo. Kòm kandida nan eleksyon prezidansyèl 1896 la, li te yon gwo patizan « l’étalon-or » ak pliralism etnik.

Yo te asasinen li 6 septanm 1901 nan Temple of Music nan Buffalo, nan eta New York, pandan prezidan Etazini an t ap vizite Egzibisyon Pan-Amerikèn nan. Nan moman anachis Leon Czolgosz t ap ba li lanmen, li te tire de kout kouto sou William McKinley. Okòmansman, prezidan an te sanble ap refè apre li te finn blese a, aprè sa sante l ta pral deteryore rapidman 6 jou aprè li te mouri 14 septanm 1901.

Aprè asasinay la, vis-prezidan Theodore Roosevelt te pran plas li. Li te fè vote yon lwa ki entèdi anachis antre nan teritwa a, epi Kongrè a te ofisyèlman chaje Secret Service la pou pwoteksyon pwòch prezidan yo. Leon Czolgosz te kondane amò epi yo te egzekite l sou chèz elektrik, 29 oktòb 1901.

https://fr.m.wikipedia.org/wiki/Assassinat_de_William_McKinley