Ayiti
6 janvye 1801 : Toussaint Louverture debake Sen Domeng nan tèt yon gwo lame
6 janvye 1801, Toussaint Louverture avèk frè li Paul Louverture rive Sen Domeng nan tèt yon gwo lame. 2 semèn aprè, gouvènè pati lès zile a, Don Joaquin Garcia, ki te rete nan pouvwa malgre siyati Trete Bazèl la nan lane 1795, te kapitile epi yo te chase l.
Lafrans
6 janvye 1558 : Fransè yo reprann vil Kalè
6 janvye 1558, Fransè yo repran Kalè, dènye posesyon Anglè yo sou Kontinan an. Repran vil la te mete fen nan 2 syèk okipasyon Anglè ak yon diskisyon franko-anglè ki te dire lontan.
Li te remonte depi lè « Henri II Plantagenet » te monte sou twòn 4 syèk anvan. Li elimine menas envazyon wayòm nan epi pèmèt Wa « Henri II » konkli Trete « Cateau-Cambrésis » la.
Angletè
6 janvye 1887 : premyè aparisyon « Sherlock Holmes »
6 janvye 1887, « Sherlock Holmes » te fè premyè aparisyon li. Piblik Britanik la te dekouvri detektif la ak zanmi l, Doktè Watson, nan yon ti istwa ki rele « Yon etid an wouj vif, » ki te pibliye nan « Beeton’s Christmas Annual ». Otè istwa a se te yon doktè 27 lane, ki rele « Arthur Conan Doyle ».
Lafrans
6 janvye 1852 : envansyon sistèm taktil pou moun avèg yo
6 janvye 1852, Louis Braille, envante sistèm taktil la avèk pwen an relyèf pou moun avèg oswa ki gen pwoblèm vizyon itilize, mouri ak laj 43 lane. Se te yon pwofesè distenge ki te pase tout lavi li nan devosyon, kalm, dousè amitye, ak pratike byen.



























