Ayiti
31 desanm 1803, « Chareron » ekri premye « acte » Endepandans lan. Jeneral yo pa jwenn « Acte » sa ase pasyone, epi yo konfye travay la bay « Boisrond Tonnerre » ki deklare: « Pou ekri « acte » Endepandans lan nou bezwen po yon blan pou « parchemin », zo bwa tèt li kòm sifas pou ekri, san li kòm lank ak yon bayonèt kòm plim. »
Sous : Haiti Reference
Ayiti
31 Desanm 1843, 124 depite Ayisyen vote konstitisyon 1843. Konstitisyon 1843 la te elaji seri dwa sivil ak politik sitwayen yo. Li enpòtan pou n fè remake konstitisyon sa te rekonèt pou premye fwa dwa pou patisipe nan òganizasyon politik.
Sous : Retro News
Ayiti
31 desanm 1878, Ansyen prezidan Fabre “Nicolas Geffrard” mouri pandan ekzil li nan vil Kingston, peyi Jamayik.
Fabre Geffrard, te yon militè ak politisyen Ayisyen ki te prezidan a vi sòti lane 1859 jiska depozisyon li an 1867, aprè yon soulèvman ki te mennen nan etablisman yon asanble konstityant.
Li te fèt 23 septanm 1806 nan komin « Anse-à-Veau », depatman nip.
Sous : Haiti Reference
Ayiti
31 Desanm 2007, Lafrans siyen avèk Ayiti yon akò 5 lane pou ranfòse koperasyon yo, patikilyèman nan domèn jistis ak sekirite, pandan vizit Sekretè Deta fransè pou Koperasyon an, Jean-Marie Bockel.
Se mesye Bockel ki te siyen dokiman kad sa ki te reprezante plis pase 30 milyon ewo èd anyèl sou 5 lane, avèk omològ Ayisyen li nan epòk sa, Jean-Max Bellerive,
Sous : Haiti Reference
Frans
31 desanm 1959, lwa sou ansèyman prive a, ki te pote non Premye Minis Michel Debré, plibliye sou prezidans Jeneral de Gaulle.
Lwa sa a te etabli distenksyon aktyèl ant lekòl endepandan, lekòl anba kontra senp kote leta peye salè pwofesè yo.
Lekòl anba kontra asosyasyon kote leta kontribye tou nan depans fonksyònman epi fanmi yo responsab pou kenbe lyen ak enstitisyon relijye yo, ak lekòl prive entegre nan sistèm edikasyon piblik la, ki rele lekòl konpayi.
Sous : www.herodote.net
Itali
31 desanm 192, metrès, Anperè Women an, « Commodus », « Marcia » sasinen li. Anperè a ki te gen laj 31 lane, ki te renome pou vyolans ak nati kaprisye li.
Li te eseye anpwazonnen l, men lè anperè a te reyisi vomi pwazon an, li te deside fè trangle l.
Sous : www.herodote.net



























