Accueil yon dat,yon jou,yon evènman Yon jou, yon dat, yon evènman

Yon jou, yon dat, yon evènman

 

Ayiti

10 desanm 1800 : Toussaint-Louverture deside mete tout zile Sen Domeng la sou non Lafrans

10 desanm 1800, Toussaint-Louverture pran desizyon mete tout zile Sen Domeng sou non Lafrans.

Toussaint-Louverture, ki te pwoklame tèt li Gouvènè Jeneral Sen Domeng, egzije pou « Don Joaquim Garcia », Gouvènè Jeneral pati panyòl Ispanyola a, sede l ba li, an vèti Trete Bazèl ki te siyen ant Lafrans ak Espay nan dat 21 Jiyè 1795.

Sous : Haiti Referance

Ayiti

10 desanm 1914 : tantativ Etazini pou enpoze yon konvansyon sou Ayiti

10 desanm 1914, Etazini fè yon dezyèm tantativ pou enpoze yon konvansyon sou Ayiti.

Yo te prezante yon bouyon konvansyon bay gouvènman Oreste Zamor nan dat 2 Jiyè, epi yo te prezante l ankò bay gouvènman Davilmar Théodore.

Yo te rejte bouyon sa a ankò. Yo te finalman enpoze l an 1915, apre debakman Marin yo.

Sous : Haiti Referance

ONU

10 desanm 1948 : adopsyon Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun

10 desanm 1948, 58 Eta Manm ki te fòme Asanble Jeneral Oganizasyon Nasyon Zini adopte deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun nan Palè Chaillot, vil pari peyi Lafrans.

Pou komemore adopsyon li, yo selebre Jounen Dwa Moun chak ane nan dat 10 desanm. Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun nan rann nou tout responsab.

Prensip ki ladan l yo enpòtan jodi a menm jan yo te ye an 1948. Nou dwe defann dwa nou ak dwa lòt moun. Nou ka pran aksyon chak jou pou defann dwa ki pwoteje nou.

Sous : Retro News

Etazini

10 desanm 1817 : Mississippi vini 20e Eta nan Etazini

10 desanm 1817, Mississippi ki te yon eta esklav, vini ofisyèlman 20e Eta ki rantre nan Etazini.

Li genyen limit nan lwès ak Louisiana epi Arkansas, nan nò ak Tennessee, nan lès ak Alabama, epi nan sid ak Gòlf Meksik la.

Avèk yon sifas 125,546 km², Eta Mississippi a pran non li nan Rivyè Mississippi a. Kapital li se Jackson.

Nan lane 2023, Biwo Resansman Etazini te estime popilasyon Mississippi a 2,939,690 moun. Politikman, Eta sa genyen yon panchan Repibliken.

Sous : Retro News

Lafrans

10 desanm 1848 : Louis-Napoleon Bonaparte eli Prezidan

10 desanm 1848, Louis-Napoleon Bonaparte ki te laj 40 lane te eli Prezidan Repiblik la avèk vòt inivèsèl sa vle di gason sèlman.

Aprè yon kanpay elektoral vyolan men ki te kout, Neve Napoleon Ier te benefisye prestij non li, diskreditasyon Asanble konsèvatè a ki t ap gouvène 2e Repiblik la, ak pwòp tandans sosyalis li yo.

Sous : www.herodote.net

Etazini

10 desanm 1898 : fen lagè ant Etazini ak Espay

10 desanm 1898, Etazini te fini lagè li kont Espay avèk Trete Pari a. Avèk trete sa a, Panyòl yo te pèdi dènye koloni yo nan Amerik yo, tankou Filipin yo.

Ameriken yo te pran plas yo nan Pòtoriko, Filipin yo, ak zile Guam. Yo te anekse zile Awayi yo tou. Kiba te jwenn yon endepandans fò anba je vijilan vwazen pwisan li a.

Sous : www.herodote.net