Ayiti
20 novanm 1841 : nesans François Denis Légitime
20 novanm 1841, François Denis Légitime fèt nan vil Jeremi, depatman grandas peyi Dayiti.
Li te vin Prezidan Ayiti sòti 16 desanm 1888 rive 22 dawout 1889, François Denis Légitime te pran pouvwa a apre lanmò rival li Seïde Thélémaque, ki te mouri nan yon gwo batay, kote anpil san te koule.
Administrasyon li a te dire sèlman 8 mwa.
Sous : Haiti Reference
Ayiti
20 novanm 1880 : konplo kont Prezidan Louis Étienne Félicité Lysius Salomon
20 novanm 1880, Jeneral Mentor Nicolas pwofite absans Prezidan Louis Étienne Félicité Lysius Salomon ki an vwayaj nan depatman Sid peyi Dayiti, kite Pòtoprens pou ale Sen Mak, kote alye yo t ap tann pou prepare yon revòlt.
Lè l rive, li rankontre ak kòmandan vil la, Jeneral « Turenne Levieux », ki te konnen konplo a, epi yo arete l.
Sous : Haiti Reference
Angletè
20 novanm 1947 : maryaj prensès Élisabeth
20 novanm 1947, prensès « Élisabeth et de Philip » marye avèk « Mountbatten ».
Seremoni an te dewoule nan “Abbaye Westminster”, nan vil Lond, peyi Angletè. Se te premye gwo seremoni ki make peryòd apre lagè a nan Wayòm Ini a.
Sous: Le Figaro
Espay
20 novanm 1975 : lanmò diktatè espanyòl « Francisco Franco »
20 novanm 1975, diktatè espanyòl « Francisco Franco » mouri aprè yon long maladi.
Nan epòk sa, “Anons lanmò li a te yon vrè soulajman”. Se premye minis la, Carlos Arias Navarro, ki te anonse nouvèl la avèk yon mesaj ki rete grave nan listwa.
Lanmò « Francisco Franco » te pèmèt peyi a kòmanse yon tranzisyon demokratik. 50 lane aprè, memwa evènman sa a rete vivan pou refijye espanyòl yo kap viv nan « Béarn ».
Sous : arepubliquedespyrenees.fr
Almay
20 novanm 1945 : lansman pwosè « Nuremberg »
20 novanm 1945, pwosè « Nuremberg » yo te kòmanse nan peyi Almay. Se te premye pwosè entènasyonal lidè nazi yo pou krim kont lapè, krim lagè ak krim kont limanite.
Pandan akize yo t ap parèt nan tribinal pou premye fwa, defans la te deja mete aksan sou enpòtans istorik moman sa a.
Sous Retronews.fr
Arabi Sawoudit
20 novanm 1979 : plis pase 200 gason ame atake Gran Moske a
20 novanm 1979, plis pase 200 gason ame pran an otaj Gran Moske a nan Mek, Arabi Sawoudit.
Chèf la, yon militè yo te rele « Juhayman al-Otaibi », te denonse koripsyon gouvènman an epi konplisite li ak Etazini ki pa genyen Bondye.
Li menm te deklare li respekte“Wahabism” doktrin ofisyèl dinasti a ak wayòm nan ki te radikal anpil.
Sous : www.herodote.net



























