Ayiti
6 novanm 1883 : lanmò Jeneral Louis Dufresne, ansyen Minis Lagè
Jeneral Louis Dufresne mouri 6 novanm 1883. Li te ranpli fonksyon Minis Lagè ak Marin sòti 9 avril 1848 rive nan fen « empire » Faustin Ier.
Jeneral Dufresne, sou prezidans Geffrard, te kòmande distri Pòtoprens lan.
Sous : Haiti Reference
Ayiti
6 novanm 1987 : Henri Namphy pwoklame tèt li kòmandan an chèf Lame Dayiti
Henri Namphy, ki te chèf Konsèy Nasyonal Gouvènman (CNG) nan epòk sa a, pwoklame tèt li kòmandan an chèf Fòs Ame Ayiti (FADH), nan dat 6 novanm 1987.
Ayiti te nan mitan yon peryòd elektoral, epi Jeneral Henri Namphy, ki ta dwe an prensip abandone pouvwa a lè nouvo prezidan an rive evènman ki te prevwa pou 7 fevriye 1988.
Aksyon sa montre li te toujou vle kenbe pouvwa lè l nonmen tèt li chèf FADH la, piske lame a te endispansab nan moman sa a.
Sous : Haiti Reference
Lafrans
6 novanm 1997 : Dekantasyon kadav Yves Montad sou lòd Kou Dapèl « Paris »
Nan yon desizyon Lakou Dapèl « Paris » rann nan dat 6 novanm 1997, li bay lòd pou yo dekante kadav Yves Montand, ki te mouri an 1991, pou yo te ka fè tès ADN nan lide pou detèmine kiyès ki papa li.
Tès yo te pwouve li pat pitit fi « Aurore Drossart » ki te aktè epi chantè nan epòk sa.
Sous : AFP Archives
Larisi
6 novanm 1917 : lansman revolisyon nan Larisi
Aprè yon koudeta Lenin fè kont pouvwa an plas la, revolisyon Larisi yo te lanse 6 novanm 1917.
Pandan lannwit lan, « Bolchevik » yo, kominis yo, te sezi prensipal sant desizyon kapital la nan moman sa a, « Petrograd – Saint Petersburg », pita chanje non pou « Leningrad » jiska 1991.
Yo te rele koudeta sa a « Revolisyon oktòb » paske li te fèt nan lannwit 25-26 oktòb la, dapre kalandriye jilyen an ki te an vigè nan ansyen Larisi.
Sous : CC/Wikiconmons
Lafrans
6 novanm 1955 : fen pwotektora fransè a nan Mawòk
6 novanm 1955 make fen pwotektora fransè a nan Mawòk. Aprè negosyasyon « La Celle-Saint-Cloud » yo, gouvènman « Edgar Faure » a te rekonèt « Sultan Sidi Mohammed Ben Youssef » kòm souveren yon eta endepandan ini ak Lafrans avèk lyen pèmanan yon entèdepandans Lib e libè konsanti epi defini.
Deklarasyon sa a te mennen nan endepandans Mawòk nan dat 2 mas 1956.
Sous : AFP/Intercontinentale





























