Accueil yon dat,yon jou,yon evènman Yon jou, yon dat, yon evènman

Yon jou, yon dat, yon evènman

Ayiti

5 Novanm 2003 : Mgr. Hubert Constant nonmen achevèk vil Okap

5 novanm 2003, Mgr. Hubert Constant Nonmen kòm achevèk Okap nan plas Mgr. Gayot ki te demisyone nan pòs sa.

Mgr. Hubert Constant kontribye nan fòmasyon plizyè jenerasyon pwofesyonèl ki kounye ap travay nan divès nivo nan sektè piblik ak prive an Ayiti kou aletranje.

Li fèt 18 septanm 1931 nan komin Kanperen, awondisman okay, depatman Sid peyi dAyiti, epi li mouri 23 septanm 2011.

Sous : Haiti Reference

Angletè

5 novanm 1605 : dekouvèt « Gunpowder Plot »

Nan dat 5 novanm 1605, yo te dekouvri « Konplo poud kanon » yo rele nan lang anglè a, « Gunpowder Plot » nan vil « Londres » peyi Angletè.

Ansyen ofisye katolik yo te gen plan pou fè eksploze Palman « Westminster » la jou sesyon inogirasyon an nan prezans Wa « James Ier Stuart » ak minis li yo. Men, yo arete nan dènye moman, youn nan konspiratè yo, ki te rele “Guy Fawkes”.

Sous : www.herodote.net

Lafrans

5 novanm 1664 : Premye pèfòmans Othon

5 novanm 1664: Premye pèfòmans Othon, yon trajedi Pierre Corneille. Zanmi Corneille yo pa t manke di pyès teyat sa a te egal, e menm depase, pi bon pase sa li te bay avan.

Nan pyès sa, Pierre Corneille te adopte yon santiman ki te flate estim pwòp tèt li, epi li te mete opinyon sa a nan prefas pyès li a.

Pierre Corneille te pentire kòripsyon tribinal anperè yo ak menm bwòs li te itilize pou pentire vèti repiblik la.”

Sous : france-pittoresque

Irak

5 novanm 2006 : Saddam Hussein kondane « à Mort »

5 novanm 2006, Saddam Hussein te kondane « à Mort » pou responsablite li nan omisid 148 moun nan vilaj Al Dujail, kote li te viktim yon tantativ asasina an 1982. Lè Saddam tande vèdik la, li rele byen fò: « Viv pèp la! Viv Oummah la! Aba espyon yo! Bondye gran! »

Sous: Wikipedia

Etazini

5 novanm 2017 : plis pase 26 moun mouri nan yon atak sou yon legliz

5 novanm 2017, Nan Texas, pou pi piti 26 moun mouri nan yon atak nan yon legliz pandan yon sèvis.

Te gen npil moun blese pandan atak sa, kote yon nonm ki te gen yon jilè « pare-bal » sou li epi ki te gen yon fizi atak nan men l te antre nan legliz Batis la epi tire sou kongregasyon an pandan sèvis la.

Nonm sa te mouri anba bal pa lapolis pandan li t ap eseye sove nan yon machin nan epòk la.

Sous : TV5 Monde