Ayiti
4 novanm 1994 : Smarck Michel ratifye kòm premye minis
4 novanm 1994, palman ayisyen an ratifye « Georges Jean-Jacques Smarck Michel » kòm premye minis administrasyon Jean Bertrand Aristide nan epòk sa.
Jean Bertrand Aristide te nonmen li nan pòs sa 27 oktòb menm ane a aprè li te sòti an egzil.
Aprè ratifikasyon li ak tout gouvènman, Smarck Michel te anonse demisyon li 13 oktòb 1995 epi « Claudette Werleigh » te ranplase li 7 novanm 1995. N ap souliye Smarck Michel mouri 1e septanm 2012 nan vil Pòtoprens, nan moman an li te gen 75 lane.
Sous : Une-autre-histoire
Ayiti
4 Novanm 2009 : ekriven Dany Laferrière ranpòte pri « Médicis »
4 Novanm 2009, ekriven Dany Laferrière ranpòte pri « Médicis » pou 19ème liv li edisyon « Boréal » te pibliye nan vil « Quebec » peyi Kanada.
Ekriven Kebekwa ki genyen orijin li an Ayiti te ranpòte pri sa depi nan premye « tour Scrutin » avèk 4 vòt sou 6.
Sous : Haiti reference
Arabi Sawoudit
4 novanm 644 : asasina Souveren Mizilman « Omar »
Nan dat 4 novanm 644, yon esklav pès ki te gen lafwa kretyèn te asasinen Souveren Mizilman « Omar » nan moske Medina nan peyi Arabi sawoudit.
Asasina li a se te premye nan yon long seri asasinay nan tèt eta mizilman an. Nan 10 lane rèy li, dezyèm kalif Islam nan te pouse Islam nan konkèt « Orient Mediterranéen » epi li te poze fondasyon yon nouvo « Empire » la.
Sous : www.herodote.net
Lafrans
4 novanm 1904 : desepsyon Minis Lagè André Louis nan Chanm depite fransè a
Nan dat 4 novanm 1904, Minis Lagè nan peyi Lafrans, Jeneral Louis André, te pran yon kalòt nan Chanm lan nan men depite nasyonalis Syveton, yon nonm fou ki te touye tèt li yon ti tan apre.
Trajedi sa a te mete yon fen nan afè fich yo. Minis la, menm jan ak tokay li, Minis Marin Camille Pelletan, te akize li favorize pwomosyon ofisye laik ak ate san yo pa pran an kont kritè konpetans lan.
Sous : www.herodote.net
Etazini
4 novanm 1979 : yon gwoup etidyan Iranyen anvayi anbasad Etazini nan Teheran
Nan dat 4 novanm 1979, tout bagay te chanje lè yon gwoup 300 ak 400 etidyan Iranyen te anvayi anbasad Etazini nan Teheran. Yo motive pou mete fen nan entèferans ameriken nan zafè entèn Iran, epi ranfòse pozisyon nouvo rejim islamik la.
Se te yon eksplozyon manifestasyon etidyan chofe ki te byen vit kontwole epi ki te vin tounen youn nan pi gwo kriz entènasyonal fen 20e syèk la.
Sous : TV5 Monde




























