Ayiti
29 oktòb 1939 : lanmò ansyen prezidan Louis Eugène Roy
29 oktòb 1939, Louis Eugène Roy, ansyen prezidan dAyiti mouri lakay li, nan komin Petyonvil epi resevwa fineray nasyonal.
Louis Eugène Roy ki te pase sèlman 6 mwa sou pouvwa, te opoze ak rekondiksyon prezidan sòtan epòk la, Louis Borno. Se te yon konsèvatè ki asime prezidans la menm jou depa predesesè li a, 15 me 1930, nan objektif pou òganize eleksyon lejislativ ak prezidansyèl.
Se « Sténio Vincent » ki eli nouvo prezidan 18 novanm epi ranplase Louis Eugène Roy.
Sous : haitiinter.com
Ayiti
29 oktòb 1914 : zak piyaj nan palè nasyonal
29 oktòb 1914, Charles Zamor rive pòtoprens epi jwenn palè nasyonal piye. Swit ak ensidan sa, Charles Zamor kouri al pran refij li nan misyon diplomatik Fransèz.
Jeneral nan lame epi politisyen, Charles Zamor te dirije peyi dAyiti kòm prezidan sòti 8 fevriye pou rive 29 oktòb 1914. Se pandan li sou pouvwa premyè Gè Mondyal kòmanse. Li opoze ak gè sa epi pou enterè, li fè li alye Etazini ak Almay. Li te mete an plas yon politik pasifis.
Aprè Koudeta, Charles Zamor rete nan opozisyon fas ak diktatè « Cacos Vilbrun Guillaume Sam » sa ki te mennen ak arestasyon epi asasina li.
Sous : Wikipedia
Afrik
29 oktòb 1665 : Pòtigal atake Kongo
29 oktòb 1665, Wa Kongo a, Antonio 1er, viktim yon atak Pòtigè yo te fè sou « Ambuila ». Twoup ki te akonpanye l yo kouri epi advèsè li yo te dekapite li. Se te kòmansman fen Wayòm kongo a ki vin kounye a « République Démocratique du Congo ».
Sous : www.herodote.net
Lafrans
29 oktòb 1933 : lanmò Bakteriyolojis Albert Calmette
Bakteriyolojis Albert Calmette, ko-envantè vaksen BCG kont tibèkiloz la, mouri 29 oktòb 1933.
Albert Calmette te fèt nan vil Nis, peyi Lafrans nan dat 12 jiyè 1863, kote papa l, chèf kabinè prefè a, te rete.
Avèk yon sante frajil, Albert t ap resevwa swen nan pwopriyete Calmette toupre Nis lè manman l te mouri, sa ki te fè tout fanmi an tris anpil.
Yon doktè, yon zanmi papa l, te antoure l avèk konpasyon epi li te konvenk li de nesesite ijan pou l etabli yon nouvo kay pou li menm ansanm ak twa pitit gason l yo.
Sous : france-pittoresque





























