Accueil yon dat,yon jou,yon evènman Yon jou, yon dat, yon evènman

Yon jou, yon dat, yon evènman

 

Ayiti

15 Oktòb 1876 Nesans Jean Price Mars

Jean Price Mars se te yon doktè, etnograf, diplomat, palmantè, pedadòg, filozòf, eseyis, epi ekriven ayisyen. Li te fèt 15 oktòb 1876, Gran Rivyè dinò.

Li te gen yon bèl karyè kòm diplomat kite pèmèt li travay an Ewòp, Etazini ak Sen domeng. An 1941, lite fonde lekòl Etnoloji nan Pòtoprens, ladann li te anseye sosyoloji ak afrikoloji jouk rive 1947. Li te kontribye nan devlopman syans sosyal an Ayiti.

https://fr.wikipedia.org/wiki/Jean_Price_Mars

Ayiti

15 Oktòb 1994 Prezidan Aristide tounen nan peyi an apre 3 lane egzil

Nan dat 15 Oktòb 1994, Prezidan Ayiti a, Jean-Bertrand Aristide, te retounen nan peyi a apre 3 lane lite pase an egzil akòz koudeta militè kite fèt kont li 30 septanm 1991.

https://perspective.usherbrooke.ca/bilan/servlet/BMAnalyse/941

Burkina Faso

15 Oktòb 1987 Asasinay Thomas Sankara prezidan popilè ak refòmis peyi Burkina Faso

Nan dat 15 Oktòb 1987, kaptenn Blaise Compaoré, ki te nimewo 2 nan rejim Thomas Sankara a, te deside chavire gouvènman li a.

Koudeta Compaoré a te lakòz gwo batay vyolan anndan palè prezidansyèl la nan mitan fòs rebèl yo ak fòs ki te rete fidèl ak prezidan an. Mouvman pou Chavire gouvènman an te lakòz anviwon 100 moun mouri pami yo Thomas Sankara ak 12 lòt ofisye.

https://fr.wikipedia.org/wiki/Thomas_Sankara

15 Oktòb Jounen Mondyal pou Lave Men

Jounen Mondyal pou Lave Men (JMLM) se yon kanpay ki vize pou motive ak mobilize popilasyon yo atravè mond lan pou amelyore abitid yo genyen nan lave men yo. Se yon jès ki kapab diminye risk pou moun pran yon maladi respiratwa oswa yon maladi nan trip (entestinal) soti 25 pou rive 50% chans.

Jounen entènasyonal sa selebre chak 15 Oktòb.

https://fr.wikipedia.org/wiki/Journ%C3%A9e_mondiale_du_lavage_des_mains

Afrik sid

15 Oktòb 1993 Nelson Mandela ak Frederic de Klerk te resevwa pri nobèl pou lapè

Nan dat 15 Oktòb 1993, kèk mwa anvan premye eleksyon demokratik yo nan Sid Afrik la , militan libète Nelson Mandela ak ansyen prezidan Sidafriken, Frederic de Klerk, ki te eritye sistèm rasis la, te resevwa Pri Nobèl Lapè.

https://www.humanite.fr/en-debat/afrique-du-sud/mandela-et-de-klerk-un-prix-nobel-asymetrique