Accueil yon dat,yon jou,yon evènman Yon jou, yon dat, yon evènman

Yon jou, yon dat, yon evènman

 

Ayiti

08 oktòb 1804 : kouwònman Jean-Jacques Dessalines kòm Anperè

8 oktòb 1804 make dat kouwònman Jean-Jacques Dessalines kòm Anperè sou non Jacques Ier.
Daprè plizyè istoryen, se machann ki soti Philadelphia ki te pote kouwòn nan pou li nan yon bato ameriken yo te rele « Connecticut ». Se sou yon bato anglè yo te mennen rad seremoni an soti Jamayik.

Anperè Jacques Ier te antre anba aklamasyon foul la sou yon cha ki te gen 6 cheval ki t ap mennen l, se ajan anglè Dyden ki te fè l kado sa a. Tout batri lame te tire kout kanon pou salye l. Lame a ak tout pèp li a aklame Jak Premye.

Nan legliz la, kote kòtèj la ale apre seremoni yo te fè nan Otèl Patri a, pè <<Corneille Brelle>> te fè yon bèl mès.

https://fr.wikipedia.org/wiki/Premier_Empire_d%27Ha%C3%AFti

Ayiti

8 oktòb 1806 : soulèvman nan Sid peyi a

2 lane aprè pwoklamasyon endepandans Ayiti nan vil Gonayiv, depatman Latibonit, te gen yon gwo van soulèvman ki te soufle nan Sid peyi a nan dat 8 oktòb 1806. Moun sa yo te soti Pòsali, epi yo t ap mache sou Pòtoprens.

Jean-Jacques te pran tèt yon ekspedisyon nan Sid la pou l te ka kraze soulèvman sa a, men li pa t rive nan sant Pòtoprens.

6320.010.- Dates Historiques: Mois d’Octobre

Ayiti

8 oktòb 1820 : Wa Henry Christophe touye tèt li

Henry Christophe, ki t ap dirije zòn Nò peyi a, te twouve l fas ak yon gwo soulèvman. Se kèk nan jeneral pa l yo ki t ap mennen oswa te bay lòd pou fè mouvman sa a.

Pou l pa t tonbe nan men yo, Henry Christophe te deside touye tèt li epi se nan lannwit 8 oktòb 1820 an li te mouri ak yon bal nan kè.

6320.010.- Dates Historiques: Mois d’Octobre

Ayiti

8 oktòb 1991 : Etazini bay Ayiti sanksyon ekonomik

Sanksyon kont Ayiti yo se te yon bann sanksyon ekonomik ak entènasyonal ki te pran, sitou Nasyon Zini, apre koudeta militè ki te fèt kont ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide nan lane 1991.

Sanksyon sa yo te enpoze nan dat 8 oktòb 1991, se te Oganizasyon Eta Ameriken yo (OEA), ansanm ak Kominote Ewopeyèn nan ki te mete yon anbago pou pini koudeta Raoul Cédras te fè kont Prezidan Jean-Bertrand Aristide, ki te fèk pran pouvwa a.

https://fr.wikipedia.org/wiki/Sanctions_contre_Ha%C3%AFti

Ayiti

8 oktòb 1950 : Paul Eugène Magloire, Premye prezidan demokratik

Paul Eugène Magloire, se premye prezidan Ayisyen ki pran pouvwa ak vòt inivèsèl, nan dat 8 oktòb 1950. Li te rive sou pouvwa a aprè yon kriz ant prezidan Dumarsais Estimé nan epòk la ak Sena a, ki te vin tounen yon gwo batay. Yon jent militè ki te gen ladanl Jeneral Lavaud,Kolonèl Levelt ak Magloire te depoze prezidan Estimé nan dat 10 me 1950, epi yo te pwomèt pou òganize eleksyon pa vòt inivèsèl pou premye fwa nan listwa repiblik endepandan Karayib la depi 1804.

Vòt inivèsèl la se yon dwa vòt kote tout sitwayen ki gen kapasite elektoral gen dwa vote, sa vle di sou kèk kondisyon tankou laj, nasyonalite, kapasite moral ak enskripsyon sou lis elektoral yo. Pa gen okenn prensip ki chita sou sèks, ras, richès, relijyon oubyen pwofesyon.
Ebyen Paul Eugène Magloire,yon nonm nwa ki soti nan yon fanmi milat te manm ki pi popilè nan jent lan epi li te pran pouvwa kòm prezidan Ayiti nan dat 8 oktòb 1950.

https://www.lemonde.fr/archives/article/2001/07/17/paul-magloire_4205395_1819218.html