Ayiti
4 oktòb 1820 : Pwoklamasyon Jean-Pierre Boyer prezidan pou lavi
Revolisyon Ayisyèn 1820 an se yon evènman enpòtan nan listwa Ayiti kote Jean-Pierre Boyer te Prezidan Ayiti depi 1818 epi li chèche konsolide pouvwa li san konte inifikasyon zile a. Pati panyòl la, ki te ansyen koloni Santo Domingo, te anba kontwòl panyòl lè sa a.
Nan dat 4 oktòb 1820, yo te pwoklame Jeneral Boyer Prezidan pou tout lavi. Sa a te yon gwo zak politik ki te konfime atachman Santo Domingo ak Eta Ayisyen Boyer te dirije a. N ap raple dat sa a te make fen endepandans pati panyòl zile a.
https://fr.wikipedia.org/wiki/R%C3%A9volution_ha%C3%AFtienne_de_1820
Ayiti
4 oktòb 2014 : lanmò Jean-Claude Duvalier
Lè papa l, François Duvalier mouri nan mwa avril 1971, Jean-Claude Duvalier, ki te gen sèlman 19 lane lè sa a, te eritye pouvwa a epi li te pran tèt egzekitif la kòm prezidan Ayiti pou lavi.
Men, li te oblije kite pouvwa a byen bonè nan maten 7 fevriye 1986. Gouvènman li a pa t ka jere manifestasyon yo ki t ap fèt youn dèyè lòt, epi sitou, li te pèdi sipò peyi gro pisans zanmi li yo.
Li te al pran refij an Frans kote li te viv jiska dat 16 janvye 2011, kote li te retounen Ayiti. 4 Oktòb 2014 lè li te mouri an, li te gen 63 lane sou tèt li.
4 oktòb 1830 : deklarasyon endepandans Bèljik
Deklarasyon Endepandans Bèljik se non yo bay 2 tèks ki te pibliye separasyon 8 pwovens ki te nan sid Wayòm Ini Peyiba yo sou non « Bèljik », aprè revolisyon bèlj la ki te kòmanse 25 dawout 1830 la.
Deklarasyon Endepandans Bèljik la te fèt gras ak yon desizyon Gouvènman Pwovizwa a te pran nan dat 4 oktòb 1830 la. Desizyon sa a te deklare separasyon ak Wayòm Ini Peyiba a epi li te kreye nouvo eta a.
https://fr.wikipedia.org/wiki/D%C3%A9claration_d%27ind%C3%A9pendance_de_la_Belgique
4 oktòb : jounen mondyal bèt
Inisyativ sa te prezante nan Kongrè Entènasyonal pou Pwoteksyon Zannimo yo nan Vyèn an 1929, epi yo te tabli jounen mondyal zannimo yo nan kongrè ki te fèt nan Florans nan lane 1931.
Defansè zannimo yo atravè mond lan selebre Jounen Mondyal Zannimo yo nan dat 4 oktòb, ki se jou fèt Sen Franswa Dasiz. Fondatè lòd Franswasyen an ak sen patwon zannimo yo te konsidere zannimo yo kòm kreyasyon vivan Bondye, sa te koz li te leve yo nan nivo frè ak sè limanite epi ba yo pwoteksyon.
Nan okazyon jounen sa, tèm pou Jounen Mondyal zannimo 2025 la se « Sove bèt yo, sove planèt la! » Se yon fason pou sansibilize moun yo sou pwoteksyon bèt yo ak wòl esansyèl yo nan ekosistèm yo.
https://fr.wikipedia.org/wiki/Journ%C3%A9e_mondiale_des_animaux



























