Accueil yon dat,yon jou,yon evènman Yon dat, yon jou, yon evènman

Yon dat, yon jou, yon evènman

Ayiti

_11 Oktòb 1994 : demisyon prezidan pwovizwa Emile Jonassaint_

Emile Jonassaint se te Prezidan pwovizwa Ayiti pandan peryòd koudeta a soti 11 me 1994 pou rive 11 oktòb menm ane an. Emile Jonassaint te prezidan Asanble Konstitiyan 1987 la ki te akouche Konstitisyon 1987 la e li te manm Kou Kasasyon an. Sou presyon blan meriken li te remèt demisyon li nan dat 11oktòb 1987.

https://www.haiti-reference.info/pages/plan/histoire-et-societe/ephemerides/dates-10octobre/

_11 oktòb : jounen entènasyonal Tifi_

Chak 11 oktòb yo selebre jounen entènasyonal Tifi nan lide pou mete aksan sou ansanm defi tifi yo ap konnen epi ankouraje otomizasyon fi yo ansanm ak respè pou dwa yo antanke moun.

Pou lane 2025 lan, jounen entèsyonal Tifi dewoule anba tèm : “Tifi mwen ye a, chanjman m ap pote a”. Nasyonzini te tabli jounen sa 18 desanm 2011 atravè rezolisyon 66/170.

https://www.un.org/fr/observances/girl-child-day

Fenlann

_11 oktòb 2002 : atanta swisid Myyrmanni_

Atanta swisid Myyrmanni an te fèt 11 oktòb 2002 nan sant komèsyal Myyrmanni, nan vil Vantaa nan peyi Fenlann.

Bonm nan te touye 7 moun, pami yo 1 adolesan ; yon timoun 7 lane. 166 moun te blese, pami yo 10 timoun. 66 viktim te oblije entène lopital, epi rès yo te trete sou plas.

Sant komèsyal la te chaje anpil, avèk prèske 2 000 moun, pami yo anpil timoun ki te vin gade yon espektak kloun. Moun ki te fè atak la se te Petri Erkki Tapio Gerdt, yon etidyan 19 lane nan jeni pwosesis nan EVTEK.

https://fr.wikipedia.org/wiki/Attentat-suicide_de_Myyrmanni_du_11_octobre_2002

_11 oktòb 1949 : rezolisyon konsèy Sekirite Nasyonzini sou reglemantasyon zam_

Nan dat 11 oktòb 1949, Konsèy sekirite Nasyonzini adopte rezolisyon 77 sou reglemantasyon ak rediksyon zam. Atravè rezolisyon sa, Konsèy la mande Sekretè jeneral epòk la pou l transmèt bay Asanble Jeneral la rezilta travay komisyon zam Konvansyonèl yo. Rezolisyon an te adopte ak 9 vòt pou, men Repiblik Sosyalis Sovyetik Ikrèn ak Inyon Repiblik Sosyalis Sovyetik pa t vote desizyon sa a.

https://fr.wikipedia.org/wiki/R%C3%A9solution_77_du_Conseil_de_s%C3%A9curit%C3%A9_des_Nations_unies