Ayiti
10 Oktòb 1806 : arestasyon François Capois La Mort nan Limonad
10 oktòb 1806 François Capois La Mort tonbe nan yon pèlen, se menm moun ki t ap fè konplo pou yo te fini ak Anperè an, Jacques Ier , ki te pare l pou li. Yo te arete François Capois La Mort yo te konnen sou non « Kapwa lanmò » e yo te mete l nan prizon. Kèk tan aprè, li te mouri anba bal pandan l te nan selil 9 jou aprè arestasyon l.
Ayiti
10 oktòb 1816 : Alexandre Pétion prete sèman kòm prezidan sou konstitisyon 1816 la
Nan dat 10 oktòb 1816, Alexandre Pétion te prete sèman anba Konstitisyon 1816 la aprè Sena a te re-eli li kòm Prezidan Ayiti. Nan okazyon an, li te pran angajman pou li gouvènen depatman Lwès ak Sid peyi a, kenbe epi fè respekte Konstitisyon 1816 la ki te parèt anviwon 4 mwa sèlman avan sa. Se konsa li te vin premye prezidan pou lavi nan istwa Ayiti.
10 oktòb 1867 : deblozay nan Asanble nasyonal la sou prezidans Sylvain Prezidan Salnave
Depi kòmansman Oktòb 1867, nouvo diktatè Sylvain Salnave a te kòmanse monte tèt pèp la kont chanm depite a. Nan dat 10 oktòb 1867, Asanble nasyonal lan ta pral gaye a, lè patizan Prezidan Salnav yo te debake nan chanm depite a kote yo t ap fè gwo rèl « Viv Salnave! » Salnave ta pral fèmen chanm depite a ofisyèlman kèk jou apre. N ap souliye Depite yo te fèk fin eli sou baz yon nouvèl konstitisyon.
Ayiti
10 Oktòb 1902 : Prezidan Anténor Firmin mete fen nan lagè sivil la
Nan yon korespondans lite voye bay Powell, ki te anbasadè Etazini nan peyi Dayiti, Anténor Firmin te deklare li te dispoze pou l kanpe lagè sivil la ki t ap kraze peyi a depi 22 jiyè, e li t ap aksepte fè sa menm si sa te oblije l abandone kandidati li. N ap raple 10 oktòb 1902 te mete fen nan lagè sivil ki te blayi nan peyi a.
Ayiti
10 oktòb 1994 : Jeneral Raoul Cédras remèt demisyon l nan tèt lame Dayiti
Sou presyon kominote entènasyonal la, sitou Etazini ak Lafrans, Jeneral Raoul Cédras te oblije demisyone nan pòs li kòm kòmandan an chèf fòs lame yo, 9 oktòb 1994. Li te gen anpil akizasyon krim sou tèt li pandan 3 lane li pase nan tèt peyi an apre kou deta kont prezidan Jean-Bertrand Aristide. Aprè sa, se te Jeneral Jean-Claude Duperval, asistan li, ki te vin ranplase l.





























