Accueil yon dat,yon jou,yon evènman Ribrik : Yon jou, yon istwa, yon evènman

Ribrik : Yon jou, yon istwa, yon evènman

 

 

Ayiti

 

10 septanm 1793 : Batay La Tannri

 

Jou 10 septanm 1793 lan, te gen yon batay ki te fèt nan La Tannri (Tannerie), nan epòk revolisyon ayisyèn lan. Batay sa a te fini ak viktwa lame panyòl yo, ki te reprann La Tannri sou lame Repibliken an.

 

Aprè Tousen Louvèti te fin pran vil Mamlad nan mwa jiyè, li te pran Ennery 13 dawout, men lame Antoine Chanlatte laa, ki te soti nan Plaisance, te kouri dèyè l 16 dawout. Toussaint te batay an retrè nan Dondon ak Mamlad, epi li te deside atake La Tannri, ki te twouve l ant Dondon ak Gran Rivyè.

 

https://fr.m.wikipedia.org/wiki/Bataille_de_la_Tannerie_(10_septembre_1793

 

Ayiti

 

Sena ak Chanm depite a vote yon lwa ki entèdi bat timoun 10 septanm 2001

 

Nan lane 2001, gouvènman Ayiti te pibliye yon lwa nan jounal ofisyèl Le Moniteur pou pwoteje timoun. Lwa sa a te entèdi fòm pinisyon kòporèl oswa trètman imilyan sou timoun. Se aksyon ki ka gen yon move enpak sou kò yo oswa sou lavi emosyonèl yo.

 

Lwa 10 septanm 2001 la mande tout moun ak enstitisyon tankou lekòl ki ap travay ak timoun pou yo asire sekirite ak devlopman yo nan tout sa y ap fè. Enstitisyon sa yo dwe gen yon kòd konduit ki prevwa sanksyon san vyolans si règ yo pa respekte. Yo dwe fè timoun yo ak paran yo konnen kòd sa a.

 

Lwa a di tou, si yon moun oswa yon otorite vyole entegrite fizik yon timoun, y ap revoke l epi pousuiv li devan lajistis daprè Kòd Penal la. Si se yon enstitisyon, y ap fèmen l. Malerezman, lwa sa a toujou gen anpil pwoblèm pou l aplike nan peyi a.

 

https://ayibopost.com/fessee-rigwaz-et-matinet-que-dit-la-loi-en-haiti/

 

10 septanm : jounen mondyal pou prevansyon swisid 

 

Jounen mondyal pou prevansyon swisid la se yon jounen sansibilizasyon yo selebre chak ane, 10 septanm, pou bay angajman ak aksyon mondyal pou anpeche swisid, avèk plizyè aktivite k ap dewoule atravè lemond depi 2003.

 

Asosyasyon Entènasyonal pou Prevansyon Swisid la kolabore avèk Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS) ak Federasyon Mondyal pou Sante Mantal pou òganize Jounen Mondyal pou Prevansyon Swisid la.

 

Nan lane 2011, anviwon 40 peyi te òganize evènman sansibilizasyon pou make okazyon an. Nasyonzini te pibliye yon « Politik Nasyonal sou Prevansyon Swisid » nan ane 1990 yo, kèk peyi itilize kòm baz politik swisid yo.

 

https://fr.m.wikipedia.org/wiki/Journ%C3%A9e_mondiale_de_la_pr%C3%A9vention_du_suicide

 

10 septanm 1897 : Masak nan Lattimer la 

 

Nan dat 10 septanm 1897, pandan yon grèv minè nan Pennsylvanie, 19 ouvriye te pèdi lavi yo. Yo te refize obeyi lòd chèf lapolis Konte Luzerne la ansanm ak mesye l yo pou yo te gaye kò yo. Se masak sa a yo rele Masak Lattimer.

 

Minè sa yo, ki pa t gen zam sou yo e ki te soti sitou nan Ewòp Santral ak Ewòp de Lès, t ap fè grèv pou mande yon ogmantasyon salè.

 

Masak Lattimer la se yon pwen enpòtan nan istwa sendika United Mine Workers (UMW) la. Li te ede sendika a pran plis pye nan Pennsylvanie, ak prèske 10,000 nouvo manm ki te rejwenn li.

 

https://fr.m.wikipedia.org/wiki/Massacre_de_Lattimer

 

 

*Kanada*

 

Kanada deklare lagè ak Almay Nazi

 

10 septanm 1939, yon semèn apre Wayòm Ini ak Lafrans, Kanada te deklare lagè ofisyèlman ak Almay Nazi. Sa te make antre li nan Dezyèm Gè Mondyal la. Sa se yon evènman ki gen anpil enpòtans, paske se te premye fwa Kanada, kòm yon nasyon souveren, te deside poukont li antre nan lagè, menmsi yo te espere li t ap rantre pou sipòte Grann Bretay.

 

Desizyon sa a te mete aksan sou evolisyon Kanada kote li t ap vin gen yon politik etranjè pi endepandan, menmsi li t ap aji ansanm ak alye li yo. Antre nan lagè a te mobilize tout peyi a e sa te gen yon gwo enpak sou ekonomi, sosyete, ak idantite kanadyen yo.

 

https://www.canada.ca/fr/ministere-defense-nationale/services/histoire-militaire/histoire-patrimoine/ouvrages-grand-public/autochtones-militaire-canadienne/guerres-mondiales.html