Ayiti
18 septanm 1811 : lanmò Benoît Joseph André Rigaud
André Rigaud, ki te fèt Okap 17 janvye 1761, Rigaud te yon jeneral franko-ayisyen enpòtan e lidè pati milat la pandan Revolisyon Ayisyen an. Li te vinn popilè pou opozisyon li kont Toussaint Louverture epi deskel te dirije Lagè Sid la. Li te yon gwo figi militè nan Revolisyon Ayisyen an.
André Rigaud avanl te mouri nan dat 18 septanm 1811, tap dirije konsèy Sid gouvènman depatman Sid la ki tap chofè yon gè sivil kont depatman lwès la.
Etazini
18 septanm 1850 : siyati dezyèm akò ant Eta nò ak eta sid etazini konsènan esklav ki konn sove yo
“Fugitive Slave Acts” yo se 2 lwa federal Ameriken, otorite yo te adopte youn aprè lòt an 1793 ak 18 septanm 1850. Dezyèm lwa a, ki pi strik, te fè pati konpwomi 1850 la e li te gen kòm objektif pou ranfòse retou esklav ki te sove yo.
Li te enpoze sou ajan polis yo obligasyon pou yo arete moun yo sispèk kòm esklav ki sove, san pwopriyetè a pa bezwen pwouve dwa li sou yo e san posiblite pou akize yo defann tèt yo nan tribinal. Anplis de sa, nenpòt moun ki ede yon esklav sove, menm si se te pou ba li manje sèlman, te ka pran prizon ak peye yon amann.
Lejislasyon sa a te mete Eta Nò yo devan yon gwo dilèm moral ak legal.
https://fr.m.wikipedia.org/wiki/Fugitive_Slave_Act
18 septanm 1973 : ONU akeyi 3 nouvo peyi manm
18 septanm 1973, Òganizasyon Nasyonzini (ONU) te akeyi twa nouvo manm, yon evènman istorik pou relasyon entènasyonal yo. Repiblik Federal Almay (RFA), Repiblik Demokratik Almay (RDA) ak Bahamas.
Admisyon sa a, ki te pote kantite Eta manm yo a 135, te patikilyèman enpòtan pou de Eta Alman yo, paske li te make rekonèsans ak entegrasyon konplè yo nan kominote entènasyonal la apre plizyè deseni divizyon.
https://fr.m.wikipedia.org/wiki/Liste_des_%C3%89tats_membres_de_l%27Organisation_des_Nations_unies
Frans
18 septanm 1981 : vòt pou aboli pèn lanmò nan peyi LaFrans
18 septanm 1981, avèk 363 vwa kont epi 117 pou, asanble nasyonal peyi LaFrans lan te adopte, apre 2 jou deba, pwojè lwa pou abolisyon pèn lanmò. Se yon pwojè lwa Robert Badinter, kite Minis jistis a lepòk, te prezante nan non gouvènman an. 12 jou aprè, Sena a te vote tèks la ak menm tèm yo, ak 160 vwa kont epi 126 pour.
https://www.assemblee-nationale.fr/histoire/peinedemort/
18 septanm 1947 : Kreyasyon Fòs Ayeryèn Amerikèn
Nan lane 1941, non Fòs Ayeryèn Etazini an te chanje poul te vinn bay Fòs Ayeryèn Lame Amerikèn . Nan moman sa a, se te yon senp kò Lame a, menm jan ak Kò Transpò Lame Ameriken an. Manm li yo te mete kaki tankou tout lòt manm Lame a.
Nan dat 18 septanm 1947, yo te separe Fòs Aeryèn Lame Amerikèn nan ak Lame a pou yo vin Fòs Ayeryèn Ameriken, 5e konpozan lame ameriken an aprè Gad Nasyonal la, Lame Amerikèn lan (tè), Marin Amerikèn an (marin), ak Marin Amerikèn yo (twoup debake).




























