Ayiti
26 dawout 1849 Ayiti tounen yon anpi
26 dawout 1849, Sena Ayisyen an te pwoklame Faustin Soulouque, ki te prezidan peyi a, Anperè sou non Faustin Ier.
Yon lane apre li te fin modifye konstitisyon an pou l te ka gen plis pouvwa, li te swiv konsèy moun ki te bò kote l yo pou l te vin anperè.
Sena a ak Chanm Depite yo te jis apwouve desizyon an e li te kouwone nan menm dat sa nan katedral notredam asonpsyon nan Pòtoptens.
Sou rèy li, Anperè an te fè plizyè tantativ pou l te reprann Repiblik dominikèn epi li te dirije peyi a ak anpil otorite, gras ak yon konstitisyon enperyal li te pibliye kat semèn apre.
https://fr.m.wikipedia.org/wiki/Second_Empire_d%27Ha%C3%AFti
Etazini
26 dawout Jounen Egalite Fanm yo Ozetazini
19èm amannman nan Konstitisyon Etazini te bay fanm dwa vote. Amannman sa a se te aboutisman plizyè dizèn ane lit pou dwa fanm yo te ka vote.
Amannman an te pwopoze pou premye fwa nan lane 1878, men se finalman nan lane 1919 li te apwouve pa Kongrè a.
Apre sa, eta yo te ratifye l nan dat 18 dawout 1920, epi yo te sètifye l ofisyèlman nan dat 26 dawout 1920, dat li te antre an fòs.
Apati lane 1971, yo selebre dat 26 dawout lan kòm Jounen Egalite Fanm yo Ozetazini.
https://www.calendarz.com/fr/on-this-day/august/26/nineteenth-amendment-to-the-united-states-constitution
Etazini
26 dawout 2015 Asasinay Alison Parker ak Adam Ward
Nan dat ki te 26 dawou 2015, nan Roanoke (Virginie), yo te tire jounalis Alison Parker ak kameramann Adam Ward an dirèk sou chèn televizyon lokal WDBJ7, pandan yo t ap fè yon entèvyou ak Vicky Gardner.
Pandan Alison t ap poze Vicky kesyon, premye kout zam yo te eklate. Yo te tande Alison rele e li te kite Adam, ki te deja mouri avèk twa bal nan do. Alison te eseye kouri, men yo te tire l.
Sèn nan te filme an dirèk epi sou Facebook tou. N ap note yon total 24 567 moun te gade krim sa a an dirèk.
Yo te rive idantifye moun ki te fè zak sa, se te Vester Lee Flanagan, ki te konnen tou sou non pwofesyonèl li, Bryce Williams. Se te yon ansyen jounalis WDBJ7, ke chèn nan te revoke an 2013 poutèt li te gen move konpòtman.
https://fr.m.wikipedia.org/wiki/Meurtres_d%27Alison_Parker_et_Adam_Ward
Kanada
26 dawout 1977 Lwa sou lang Fransè a
Lwa sou Lang Fransè a (ke anpil moun konnen tou sou non Lwa 101) se yon lwa nan Kebèk ki fè fransè a, ki se lang matènèl pifò moun nan pwovens lan, sèl lang ofisyèl Kebèk.
Lwa sa a, ki te pwopoze pa minis Devlopman Kiltirèl la, Camille Laurin, te apwouve nan Asanble Nasyonal la nan dat 26 dawout 1977, pandan premye gouvènman Pati Kebèk la ki te gen René Lévesque kòm premye minis. Lwa sa a te anile epi ranplase Lwa sou Lang Ofisyèl la (Lwa 22) ki te apwouve an jiyè 1974 anba gouvènman Robert Bourassa.
Avèk adopsyon lwa sa a, deba ant moun ki te vle gen libète chwazi ant fransè ak anglè ak moun ki te vle sèlman franse te fini. Lwa 101 la fè fransè vin lang prensipal pou ansèyman, komès, travay ak administrasyon piblik.
Depi lè yo te adopte l, yo te konteste Lwa sou Lang Fransè a plizyè fwa nan tribinal. Lwa a sibi anpil chanjman, sitou konsènan afichaj komèsyal yo ak admisyon nan lekòl angle.
https://fr.m.wikipedia.org/wiki/Charte_de_la_langue_fran%C3%A7aise
Kanada
Dezyèm Batay Arras, 26 dawout– 3 septanm 1918
Apre siksè yo te ranpòte nan Amiens nan kòmansman mwa dawout 1918 la, Alye yo ki te gen ladann Dezyèm ak twazyèm divizyon lame kanadyen an, avèk 51yèm divizyon lame britanik lan te byen deside pou yo te kontinye atake lame alman an. Batay ki te dewoule soti 26 dawou rive 3 septanm 1918 yo (Batay Scarpe ak Batay Drocourt-Quéant) yo rele yo Dezyèm Batay Arras la.
Atak la te kòmanse nan gwo lapli nan dat 26 dawout a 3 zè nan maten. Lè sa a, sòlda a pye yo te pwofite yon bon kouvèti kout kanon. Dezyèm ak twazyèm divizyon kanadyen yo, avèk sipò 51yèm divizyon britanik (Highland) la, te gen pou pran yon liy tranche lènmi (ki te soti nò rive nan sid) ki te ant Neuville-Vitasse ak kanal Scarpe la, pou yo te ka kontinye avanse jouk yo rive nan vilaj Monchy-le-Preux.
Siksè yo te ranpòte yo, ke lyetnan-jeneral Arthur Currie te fè lwanj pou yo menm nan jounal pèsonèl li, te gen yon gwo pri: anpil sòlda mouri oswa blese. Pandan Dezyèm Batay Arras la, Lame Kanadyen an te pèdi plis pase 11 000 sòlda, ki gen ladan moun ki mouri, blese, ak disparèt.
https://www.canada.ca/fr/ministere-defense-nationale/services/histoire-militaire/histoire-patrimoine/identification-pertes-militaires/second-battle-of-arras.html





























