Ayiti
Sekretè deta ameriken an, Antony Blinken, te fè yon vizit nan Pòtoprens jedi 5 septanm 2024 lan.
Pandan vizit sa a, li te ensiste sou de (2) pwen enpòtan:
-Eleksyon: Li te mande dirijan ayisyen yo pou yo avanse vit nan direksyon eleksyon.
-Sipò finansye: Li te mande kominote entènasyonal la pou bay plis lajan pou sipòte fòs sekirite entènasyonal la, epi li anonse yon nouvo èd imanitè ameriken ki vo 45 milyon dola.
Vizit Blinken nan te vini de (2) mwa aprè lapolis kenyan yo te rive an Ayiti, e li se pi gwo ofisyèl ameriken ki vizite Ayiti depi 2015. Pandan vizit la, li te fè plizyè reyinyon nan rezidans anbasadè ameriken an.
https://www.france24.com/fr/am%C3%A9riques/20240905-ha%C3%AFti-l-%C3%A9tat-d-urgence-%C3%A9tendu-%C3%A0-l-ensemble-du-territoire-antony-blinken-attendu-sur-l-%C3%AEle
Ayiti
5 septanm 1998 : lanmò Félix Morisseau Leroy
Félix Morisseau Leroy te fèt nan dat 13 mas 1912 se te yon jounalis, pwofesè, otè pyès teyat ak powèt ayisyen ki te fèt nan Grand-Gosier.
Li te etidye nan Jakmèl ak nan Inivèsite Columbia, Nouyòk. Li te marye ak Renée.
Lè li retounen Ayiti, li vin pwofesè nan Pòtoprens. Li te yon gwo defansè lang kreyòl la, li kwè li enpòtan pou inifye peyi a. Li te travay pou ankouraje itilizasyon kreyòl la nan literati ak kilti ayisyen an. An 1961, li te jwe yon wòl kle pou fè kreyòl la vin dezyèm lang ofisyèl Ayiti.
Pami travay li yo, genyen tradiksyon pyès teyat grèk la, « Antigone » de Sophocle, an kreyòl. Morisseau Leroy te mouri Miami an 1998.
https://fr.m.wikipedia.org/wiki/F%C3%A9lix_Morisseau-Leroy
Etazini
5 septanm 1774
Premye Kongrè Kontinantal la te fèt lè delege eta yo te deside reyini nan Philadelphia soti 5 septanm pou rive 26 oktòb 1774, nan Carpenter’s Hall, nan Philadelphia, Pennsilvani.
Depi lontan, Benjamin Franklin t ap plede pou koloni yo ini. Angletè pa t ka rekonèt Kongrè sa a paske li te kreye san konsantman li.
Pandan premye Kongrè sa a, delege yo te eseye rezoud diferans yo ak Grann Bretay pa mwayen diplomasi olye de lagè. Se sèlman Georgia, ki te toujou bezwen pwoteksyon militè Britanik kont atak Endyen yo, ki pa t vini.
56 delege te patisipe nan reyinyon an, pami yo te genyen Pè Fondatè lavni yo, Georges Washington, John Adams, Patrick Henry ak Samuel Adams.
Piti piti, Kongrè sa a te vin vwa koloni ini yo. Tèks yo, apati kounye a, te kòmanse pale de koloni yo kòm « Amerik » ak moun yo kòm « sijè Ameriken ».
Patrick Henry te pwononse pawòl sa yo:
« Nou nan yon eta natirèl, moun Virginia, moun Pennsilvani, moun New York, moun Nouvel Angletè, distenksyon an pa egziste ankò. Mwen pa yon moun Virginia, men mwen se yon Ameriken. »
https://www.dinna-fash-sassenach.com/congres.html
Etazini
5 septanm 1975 Lynette Fromme te fè tantativ asasina sou prezidan Etazini an Gerald Ford
Tantativ asasina Gerald Ford nan Sacramento (Kalifòni) te fèt 5 septanm 1975, lè Lynette Fromme, yon disip Charles Manson, te eseye touye 38èm prezidan Etazini an pou fè tande vwa moun ka p defann anviwònman yo.
Gerald Ford te prezidan Etazini depi 9 out 1974, li te ranplase Richard Nixon ki te demisyone akoz eskandal Watergate. Lynette Fromme, ki gen 26 an, ak tinon « Squeaky », se youn nan disip ki pi fidèl Charles Manson, chèf yon kominote ipi yo te rele « Fanmi an » e ki te nan tèt yon gwoup ki te kondane pou asasina aktris Sharon Tate ak sis (6) lòt moun an 1969.
An 1975, Lynette Fromme te deside touye prezidan Gerald Ford pou fè moun tande vwa moun ki t ap opoze ak polisyon nan anviwònman an ak efè li genyen sou lè, vejetasyon, dlo ak bèt yo.
https://fr.m.wikipedia.org/wiki/Tentative_d%27assassinat_de_Gerald_Ford_%C3%A0_Sacramento
Sen Maten
Siklòn Irma, yon non k ap rezone nan tèt anpil moun depi kounye a, ouragan kategori 5 sa a sou echèl Saffir-Simpson
Nan nuit 5 pou rive 6 septanm 2017 la, siklòn « Irma » te vin youn nan pi gwo siklòn basen Atlantik la te konnen. Gwosè li, yo estime a 335 000 km², se konparab ak sifas peyi Lafrans, ak van san rete ki tap soufle a 300 km/h ak rafal a plis pase 360 km/h!
6 septanm, je siklòn nan (yo estime a 50 km an dyamèt) touche Ti Zantiy yo anvan li devaste yo… « Irma » te domaje 95% nan kay ki te sou « Saint-Martin ak Saint-Barthélemy », sa ki te lakòz yon pri total anviwon 1.9 milya dola.
Ouragan sa a vin katastwòf natirèl ki pi koute chè nan istwa asirans lòt bò dlo. »
SAINT-MARTIN / SAINT-BARTH : Irma le 5/9/17, un ouragan qui restera dans toutes les mémoires…



























