Accueil yon dat,yon jou,yon evènman Yon jou, yon dat, yon evènman

Yon jou, yon dat, yon evènman

 

24 septanm 1996 : Ayiti siyen trete entèdiksyon esè Nikleyè

Trete Entèdiksyon Konplè pou Esè Nikleyè (CTBT) a se yon trete entènasyonal ki mete plizyè peyi dakò sou koze eksplozyon tès zam nikleyè ki pa dwe fèt nan okenn anviwònman terès.

Nan dat 24 septanm 1996, Ayiti te siyen Trete Entèdiksyon Konplè sou Tès Nikleyè a, yon lwa istorik pou non-pwoliferasyon zam nikleyè yo. Trete sa a gen yon gwo enpòtans nan achitekti lit kont pwopagasyon nikleyè a, paske lè li entèdi tout kalite tès nikleyè, CTBT a anpeche Eta yo devlope nouvo zam.

N ap raple Ayiti te youn nan premye peyi ki pat dakò avèk koze tès nikleyè a pandan nap souliye Kore di Nò se sèl puisans nikleyè ki fè tès nikleyè depi kòmansman 21e syèk la.

https://www.greenpeace.fr/applique-traite-linterdiction-essais-nucleaires-tice/

24 septanm 1791 : Asanble Nasyonal Konstitiyan Fransè a anile dekrè 15 me 1791

Nan dat 4 avril 1792, Wa Louis XVI, nan peyi Lafrans, te pibliye yon dekrè ki rekonèt koulè tout moun egal, sa vle di, moun nwa oswa ras melanje ki te rete nan koloni yo ki te fèt lib oswa emansipe. Sa te pran 3 lane pou yo te dakò prensip Deklarasyon Dwa Moun ak Sitwayen an nan lane 1789. 3 lane pou yo te kase yon dekrè ki pa t mete fen nan esklavaj la epi ki te montre pwoblèm Revolisyon an sou kesyon kolonyal yo.

Pi lwen, nan dat 24 septanm 1791, Asanble Nasyonal Konstitiyan Fransè la te revoke dekrè 15 me 1791 la, ki te dakò moun koulè lib yo gen menm dwa politik ak moun blan yo, yon mezi ki te pran nan kad prensip libète ak egalite Revolisyon Fransèz la. Kolon blan nan Sendomeng pat dakò dekrè sa a, yo te pè pou li ta destabilize lòd kolonyal ki te baze sou esklavaj .

https://memoire-esclavage.org/4-avril-1792-la-revolution-reconnait-legalite-des-libres-de-couleur#:~:text=Le%2024%20septembre%201791%2C%20ils%20parviennent%20%C3%A0,libres%20de%20couleur%2C%20dont%20certains%2C%20comme%20Toussaint

24 septanm 1960 : premye pòtavyon nikleyè nan mond lan

Premye pòtavyon nikleyè nan mond lan, USS Enterprise (CVN-65), te Lanse nan lane 1960, li te kòmanse bay sèvis 25 novanm 1961. Li te make yon etap enpòtan nan listwa naval epi li te pi gwo pòtavyon ki te janm konstwi nan moman sa a.
Li te pòtavyon ki pi long mond lan pat janm konnen.

Pandan tout listwa operasyonèl li, Enterprise la te jwe yon wòl vital nan anpil gwo evènman, tankou blokaj la pandan Kriz Misil Kiben an, aksyon militè pandan Lagè Vyetnam nan, kote li te premye bato nikleyè ki te wè konba, ak operasyon nan Lanmè Arabi a.

https://www.globalmilitary.net/fr/ships/enterprise/#google_vignette

24 septanm 1994 : 10 ayisyen mouri anba men Marin ameriken

24 septanm 1994, nan vil Okap, 10 Ayisyen te mouri anba men Marin Ameriken yo pandan yon operasyon ki te vize tounen ak demokrasi nan peyi Ayiti aprè koudeta 1991 la.

Kolonèl Carl Dorélien, yon ansyen ofisye wo grade nan Fòs Ame Ayisyen yo, te dekri evènman sa a kòm yon gwo malantandi. Li te eksprime enkonpreyansyon li sou mank memwa kolektif ak ankèt sou sikonstans lanmò sa yo kote te gen 10 Ayisyen, ki gen ladan 8 sòlda ak 2 sivil, te mouri. Pou n raple, jouk jounen jodi a ensidan sa konsidere kòm premye ensidan grav depi fòs ameriken yo te retounen nan peyi a.

https://lenouvelliste.com/article/97224/24-septembre-1994-24-septembre-2011

24 septanm 1945 : Ayiti ak Lafrans siyen yon Akò kiltirèl

Nan dat 24 septanm 1945, Lafrans ak Ayiti te siyen yon akò kiltirèl ki te kontribye nan rekòmansman relasyon diplomatik nan mitan 2 peyi yo apre anpil tan tansyon apre endepandans. Reprezantan tou 2 gouvènman yo te siyen akò sa ki te gen pou objektif ranfòse lyen kiltirèl ak edikasyonèl nan mitan Lafrans ak Ayiti .

N ap souliye Akò sa a te louvri chemen pou lòt devlopman, tankou kreyasyon Enstiti Fransè a an Ayiti, epi li te kontribye nan yon pi gwo koperasyon nan mitan 2 nasyon yo.

https://archivesdiplomatiques.diplomatie.gouv.fr/ark:/14366/j8w4f136zd7k#:~:text=L’un%20des%20actes%20fondamentaux%20de%20la%20reprise,publique%2C%20c%C3%B4t%C3%A9%20ha%C3%AFtien%20et%20par%20Marc%20Milon