Accueil yon dat,yon jou,yon evènman Yon jou, yon dat, yon evènman

Yon jou, yon dat, yon evènman

 

Ayiti
 
26 desanm 1997, Simone Ovide Duvalier, madanm François Duvalier epi manman Jean-Claude Duvalier, mouri nan vil Pari, peyi lafrans ak laj 84 lane.
Ansyèn Premyè Dam nan, orijinèlman moun Léogâne, t ap viv nan peyi Lafrans depi li te kite Ayiti nan dat 7 fevriye 1986. Yo pa devwale kòz lanmò li.
 
Sous : Haiti Reference
  
Kanada
 
26 Desanm 1871, Boxing Day, ke yo rele tou Christmas Day, , se yon jou ferye piblik yo selebre nan anpil peyi ki pale anglè.
 
Nan kalandriye liturjik la, li make fèt Sen Etyèn, premye mati kretyen an. Tradisyon an mande pou fè aksyon charite ak distribye kado bay moun ki pa gen chans nan jou ferye sa a.
 
Sous: Wikipedia

Otrich
 
26 desanm 1805, nan « Pressburg » ki se kapital Slovaki, kounye a, Anperè François Ier nan Otrich te tire konklizyon nesesè yo aprè gwo defèt lame li a nan « Austerlitz ».
 
Li te siyen yon trete lapè ak Napoleon Ier, kote li te abandone dwa li sou « Veneti », pandan « Baviè », alye Napoleon an, te sede « Tirol ».
 
Nan yon atik sekrè, François Ier te renonse tit Anperè Women Sen li an. Desizyon li a t apral anonse ofisyèlman sèt mwa aprè, nan mitan endiferans jeneral.
 
Sous : Le figaro
 
Polòy
 
26 desanm 1898, Pierre Curie ak madanm li ki te rele Marie, anonse Akademi Medsin nan yo izole yon eleman trè radyoaktif yo pat konnen anvan.
 
Pou reyalizasyon sa, yo te trete avèk anpil atansyon gwo kantite yon minrè yo te ekstrè nan min ajan « Bohemia », yo te rele « pitchblende » ki vle di « minrè malchans » nan lang Alman.
 
Dekouvèt eleman sa a, yo te rele radyòm, te swiv dekouvèt yon lòt eleman, mwens radyoaktif, ki te prezan tou nan « pitchblende », koup la te rele polonyòm an onore kote Marie te fèt.
 
Sous : Retro News