Ayiti
16 desanm 1824 : yon gwo dife ravaje Sant komèsyal Pòtoprens lan
16 desanm 1824, yon gwo dife ravaje sant komèsyal Pòtoprens lan. Dife sa a, ki te eklate nan yon famasi ki te pou yon fransè ki te andeyò vil la nan moman sa a, te gaye rapidman epi li te detwi plis pase 200 kay ki te sèvi kòm boutik ak depo.
Sous : Haiti Reference
Ayiti
16 desanm 1888 : pwomilgasyon konstitisyon aprè chit Prezidan Salomon
16 desanm 1888, Prezidan François Dénys Légitime pibliye Konstitisyon an. Prezidan François Dénys Légitime te retire otorite leta Nò a, Florvil Hyppolite t ap dirije a.
François Dénys Légitime te minis sou diktati Lysius Salomon an avan li te vini prezidan repiblik la, epi li te fè pati gouvènman pwovizwa a Boisrond-Canal t ap dirije.
Sous : Haiti Reference
Ayiti
16 desanm 1960 : piblikasyon dekrè ki chanje non Inivèsite Leta
16 desanm 1960, Dekrè ki chanje non Inivèsite Ayiti a pibliye nan jounal ofisyèl peyi a « Le Moniteur ». Se lwa 5 dawout 1920 an, ki te kreye dekrè sa ki te bay Inivèsite non « Inivèsite Leta Ayiti ».
Sous : scribd.com
Ayiti
16 desanm 1990 : Jean-Bertrand Aristide eli Prezidan Ayiti
16 desanm 1990, Eleksyon Jeneral an Ayiti. Pou premye fwa nan listwa li, pèp Ayisyen an, apre yon long lit, chwazi lidè li yo nan eleksyon kominote entènasyonal la te swiv deprè.
Mouvman Lavalas la, ki te senbolize espwa yon pèp k ap chèche lapè ak jistis, te wè lidè li a, Jean-Bertrand Aristide, triyonfe ak 67% nan vòt yo, kidonk li te vin premye prezidan Ayiti eli demokratikman.
Sous : scribd.com
Etazini
16 desanm 1773 : lansman mouvman “Tea Party” nan vil Boston
16 desanm 1773, yon mouvman ki pote non “Tea Party” eklate nan vil Boston, peyi Etazini pou pwoteste kont yon desizyon abitrè gouvènman Lond lan te pran.
Kolon “Samuel Adams” ak kèk zanmi, degize an Endyen Ameriken, te monte abò yon bato ki te ankre epi yo te jete kago a nan dlo.
Wa George III te reponn lè li te vote 5 « Lwa Entolerab » ki te make kòmansman Lagè Revolisyonè Ameriken an.
Sous : www.herodote.net
Senegal
16 desanm 1854 : Kolonèl « Faidherbe » nonmen gouvènè Senegal
16 desanm 1854, Kolonèl « Faidherbe » te nonmen gouvènè Senegal. Li te antreprann konkèt vale rivyè a pou pwoteje dèyè pòs komès « Saint-Louis-du-Sénégal » la, kote machann fransè yo te plenyen pou abi natif natal yo te konn fè.
Sous : www.herodote.net




























