Ayiti
12 desanm 1956 : demisyon Prezidan Paul Eugène Magloire
12 desanm 1956, Prezidan Paul Eugène Magloire demisyone pou kalme lidè opozisyon yo ki, nan entèpretasyon A
atik 81 Konstitisyon 1950 an, te konsidere 6 desanm kòm dat ekspirasyon prezidans li.
Jeneral Paul Eugène Magloire, nèg fò Ayiti pandan prèske 10 lane, te retire kò l yon ti tan nan dat 6 desanm, sèlman pou l retounen kèk èdtan aprè, sou pretèks se lame a ki te konvoke li avèk apwobasyon jij yo nan Lakou Kasasyon.
Popilasyon an ki te an kòlè te swiv lidè yo ki te mande oswa sipòte yon grèv jeneral kòm yon siy rezistans pasifik.
Nan dat 12 desanm, Magloire finalman te sede, li te remèt pouvwa a bay prezidan Lakou Kasasyon epòk la, Joseph Nemours Pierre-Louis.
Sous : Haiti Perspectives
Itali
12 desanm 1901 : reyalizasyon premyè transmisyon radyo sou Oseyan Atlantik la
12 desanm 1901, fizisyen italyen “Guglielmo Marconi” ki te laj 27 lane reyalize premyè transmisyon radyo sou Oseyan Atlantik la, ant laboratwa li nan « Poldhu, Cornwall, Angletè », ak « St. John’s, Newfoundland ».
Siksè Marconi te posib gras avèk rechèch « Édouard Branly », yon syantifik ak doktè fransè Branly, pwofesè nan Enstiti Katolik Pari, peyi Lafrans, ki te dekouvri prensip radyokondiksyon an dis ane anvan.
Sous : www.herodote.net
Pòtigal
12 desanm 1481 : konstriksyon yon pòs komès fòtifye nan Gòlf « Gine » a
12 desanm 1481, yon flòt douz bato te kite Lisbòn avèk misyon konstwi yon pòs komès fòtifye nan Gòlf « Gine » an Afrik pou pwoteje machann Pòtigè yo ki, pandan 20 lane t ap fè echanj lò pou machandiz manifaktire ak moun nan lokalite a.
Sa te premye nan yon long chèn pòs komès Ewopeyen ki t ap pwolonje sou tout Gòlf Gine a nan deseni ki te vin aprè yo.
Sous : www.herodote.net




























