Accueil yon dat,yon jou,yon evènman Yon jou, yon dat, yon evènman

Yon jou, yon dat, yon evènman

 

Ayiti

4 desanm 1908 : lanmò ekriven Alcibiade Pommayrac

4 desanm 1908, ekriven Ayisyen an, Alcibiade Pommayrac, mouri nan Pòtoprens. Li te fèt an 1844 nan Santo Domingo, Repiblik Dominikèn, ki te fèk pwoklame endepandans li an fevriye 1844. Paran li te etabli yo nan Jakmèl, Ayiti, lè li te tou piti.

Sous : Haiti Reference

Ayiti

4 desanm 1937 : plis pase 100 bandi dominiken ak ayisyen atake vil Tomond

4 desanm 1937, plis pase 100 bandi dominiken ak ayisyen, Excellent Desrosiers, ki se yon ayisyen egzile, t ap dirije, travèse fwontyè a epi atake Thomonde, yon komin nan depatman Sant peyi Dayiti.

Kriminèl yo te piye kazèn nan epi yo retounen an Repiblik Dominikèn san gwo difikilte.

Sous : Haiti Reference

Lafrans

4 desanm 771 : lanmò Carloman, pitit gason « Pepin le Court»

4 desanm 771, « Carloman », pi jèn pitit gason « Pepin le Court », wa Fran yo, ak « Bertha de Big Foot », mouri nan vil pari, peyi Lafrans.

Gran frè li a, « Charles Ier », ki te vin « Charlemagne » kèk tan aprè, te renye san okenn kontestasyon sou teritwa li te eritye nan men papa l twa zan anvan.

Sous : www.herodote.net

Angletè

4 desanm 1290 : lanmò Eleanor de Castille

4 desanm 1290, « Eleanor de Castile » mouri nan yon lokalite Herdeby, yon vil peyi Angletè.

Li te sè Wa « Alfonso X » nan « Castile » epi madanm byenneme Wa « Edward I Plantagenet » nan Angletè.

Yo te marye nan lane 1254, ak laj youn aprè lòt 13 ak 15 lane, epi yo te fè 16 timoun, ki gen ladan fiti “Edward II”. Premye eritye ki te pote tit Prens « de Galles » la, li te konnen yon fen trajik.

Sous : Le Monde.fr