Ayiti
2 desanm 1908 : Prezidan Nord Alexis kite pouvwa a
2 desanm 1908, Nord Alexis abandone pouvwa swit ak gwo manifestasyon Antoine Simon ki te pran zam kont rejim nan. Fas ak sitiyasyon sa, Nord Alexis te oblije demisyone epi pati pou Jamayik.
Sous : Haiti Reference
Etazini
2 desanm 1859 : lanmò John Brown
2 desanm 1859, otorite yo fè pann John Brown, yon Ameriken blan ki te genyen 59 lane, nan vil Vijini, yon eta nan sid Etazini.
Yo te pran desizyon sa paske li te touye plizyè aktivis esklavajis epi li te eseye ensite yon soulèvman esklav nwa yo. John Brown te vini youn nan ewo mitik nan lit kont esklavaj la, Ozetazini nan epòk sa.
Sous : www.herodote.net
Etazini
2 desanm 1823 : anons doktrin « Monroe » nan Etazini
2 desanm 1823, James Monroe, 5e prezidan Etazini, anonse doktrin ki pote non li, doktrin « Monroe » ki vle amerik la pou ameriken epi kondane tout entèvansyon Ewopeyen nan zafè politik Etazini.
Li te poze fondasyon diplomasi amerikèn nan amerik la, menm si deba ant izolasyonis ak entèvansyonis yo pa t ap janm sispann.
Sous : www.herodote.net
Lafrans
2 desanm 1804 : kouwònman Napoléon Bonaparte
2 desanm 1804, yo te kouwone Napoléon Bonaparte Anperè Fransè yo nan Katedral Notre-Dame nan Pari, an prezans Pap Pie VII.
Apeprè 35 lane, li te rekonstitye Anpi Charlemagne la pou pwòp benefis li! Anpil fransè aksepte ansyen dinasti Kapetyen an pou tout tan.
Sous : Le Monde.fr



























