Ayiti
26 novanm 2000 : reeleksyon Prezidan Jean-Bertrand Aristide
26 novanm 2000, Jean-Bertrand Aristide eli pou yon dezyèm fwa Prezidan peyi Dayiti, aprè yon eleksyon kote pifò pati opozisyon yo te bòykote epi ki te kontwovèse anpil.
Jean Bertand Aristide te pase nan eleksyon sa yo ak 92% nan vòt yo. Advèsè ki te pi prè li a, Arnold Dumas, te resevwa sèlman 2.4%, epi 5 lòt kandida yo ansanm te resevwa mwens pase 5%.
Sous : Haiti Reference
Ayiti
26 novanm 1749 : Wa Louis XV bay lòd pou konstwi vil Pòtoprens
26 novanm 1749, Wa Fransè, Louis XV bay lòd pou bati vil Pòtoprens sou sit « Trou-Bourdet ».
Pòtoprens ki se kapital peyi Dayiti se komin nan depatman lwès la ki genyen plis moun, ak yon zòn iben estime a prèske 2 milyon 754 mil 812 moun depi nan lane 2019.
Pandan Revolisyon Fransèz la, Li te pote non Pò Repibliken. Nan dat 12 janvye 2010, yon tranblemanntè mayitid 7.3, te devaste vil la.
Sous : Haiti Reference
Lafrans
26 novanm 1741 : Fransè yo konkeri vil » Prague »
26 novanm 1741, fransè yo pran “prague”. Se te aprè lanmò Anperè Charles VI, pitit fi li « Maria Theresa » te prezante tèt li kòm eritye inivèsèl li; men Elektè Bavaria a ak lòt souveren Ewòp yo te vle chak pati pa yo nan gwo eritaj sa a.
Nan kòmansman mwa novanm lan, Elektè Bavaria a, kote wa Lafrans te voye 40 mil gason, te travèse « Danube » a, li te antre nan Bohèm, epi li te mache nan direksyon Prag.
Twoup wa « Pruse » la, ki te fèk fin konkèt « Silesie », te vin jwenn li la. Nan dat 25 novanm, yo te louvri tranche a; Otrichyen yo te rive menm jou a pou pote sekou bay fòtrès la.
Sous : Retro news
Lafrans
26 novanm 1966 : inogirasyon santral maremotè « Rance »
26 novanm 1966, Prezidan fransè epòk sa, « Charles de Gaulle » inogire santral maremotè « Rance » la.
Reyalizasyon teknolojik prestijye sa a pat genyen okenn kontèks, paske elektrisite ki pwodwi nan maremotè yo te kòmanse bay bon jan rezilta.
Sous : Le Monde.fr
Angletè
26 novanm 1607 : nesans fondatè Inivèsite “Harvard”
John Harvard, fondatè Inivèsite « Harvard » fèt 26 novanm 1607 nan vil Lond peyi Angletè epi mouri 14 septanm 1638 nan vil Boston, Etazini.
Se te yon filantwòp pastè pwotestan « Puritain » anglè, premye byenfetè istorik, ki pote non fondatè a, ki fonde nan dat 8 septanm 1636, nan vil « Cambridge » tou prè vil, Boston, Etazini.
Sous : Le Monde.fr




























