Accueil yon dat,yon jou,yon evènman Yon jou, yon dat, yon evènman

Yon jou, yon dat, yon evènman

 

Ayiti

24 novanm 1763 : kondanasyon Jezwit yo nan Sen Domeng

24 novanm 1763, kolon fransè yo kondane epi ekspilse Jezwit yo nan Sendomeng.

Kolon yo ak pwopriyetè esklav yo pa t apresye angajman Jezwit yo anvè esklav yo, yo te wè mal.

Yo te akize Jezwit yo defòmasyon lafwa kretyèn an, kòwonp esklav yo, epi ensoumisyon devan kouwòn fransèz la.

Sous : Haiti Reference

Repiblik Kongo

24 novanm 1965 : Koudeta kont « Joseph Kasa-Vubu »

24 novanm 1965, « Mobutu Sese Seko » fè Koudeta kont « Joseph Kasa-Vubu » ki te prezidan Repiblik Demokratik Kongo nan epòk sa.

Avan sa te genyen divizyon politik yo t ap ravaje Repiblik Demokratik Kongo, se nan mitan konfli a, militè yo te òganize yon koudeta ki te mete « Joseph Mobutu », yon jeneral 35 lane, sou pouvwa a, kote li te rete jiska 1997.

Sous : perspective. Usherbrooke

Etazini

24 novanm 1963 : lanmò prensipal sispèk asasina John Fritz Gerald Kennedy

24 novanm 1963, “Lee Harvey Oswald”, prensipal sispèk nan asasina prezidan ameriken “John Fitzgerald Kennedy”, mouri ak bal.

Se “Jack Ruby” ki te tire li nan estasyon lapolis « Dallas » la. Se konklizyon ankèt otorite yo nan vil « New Orleans » te mennen sou zak sila ki te akize li.

Sepandan, pa t genyen okenn pwosè, ni menm kòmansman yon ankèt jidisyè, sou dosye asasina sa.

Sous : Wikipedia

Angletè

24 novanm 1859 : piblikasyon liv Charles Darwin

24 novanm 1859, Charles Darwin pibliye nan vil Lond, peyi Angletè yon liv ak yon tit anbisye, ki rezime kontni orijin espès yo avèk seleksyon natirèl, oubyen prezèvasyon ras, favorize yo nan lit pou lavi a.

Charles Darwin te genyen 50 lane lè li te fè pibliye liv sa. poutan, travay li a te yon siksè imedya, epi nan yon sèl jou li te vann mil 250 kopi.

Teyori Charles Darwin te devlope yo t ap ranvèse « dogme » ki pat chanje depi kreyasyon mond lan.

Sous : www.herodote.net

Lafrans

24 novanm 1890 : soumisyon prensip radyo yo

24 novanm 1890, Édouard Branly te prezante bay Akademi Syans nan vil Pari, peyi Lafrans prensip kondisyon radyo yo, baz telegrafi san fil (TSF), ki te vin anvan radyo.

Envansyon an tereyalize 10 lane aprè gras avèk jefò “Nikola Tesla” ak “Guglielmo Marconi”.

Sous : www.herodote.net

Lafrans

24 novanm 1860 : palman fransè a vote lwa pou vote

24 novanm 1860, Kò Lejislatif fransè vote dwa pou pale. Se te premye defi kont pouvwa san limit Napoleon III.

Anba presyon opinyon piblik la epi tou anba enfliyans pwòp tandans politik li yo, anperè a te antreprann demach pou demokratize rejim nan.

Sous : retro news